Egzòd 16

16
Lamàn ak zòtolan
1Apre sa, tout moun pèp Izrayèl la pati kite Elim. Yo rive nan dezè Sin ant Elim ak mòn Sinayi. Lè yo rive la, yo te gen yon mwa kenz jou depi yo te kite Lejip. 2Yo #Egz 15.24; Sòm 106.25; 1 Kor 10.10 tout pran bougonnen sou do Moyiz ak Arawon nan dezè a. 3Yo #Nonb 11.4,5; 20.3,4; Det 8.3 t'ap di yo:
— Poukisa Senyè a pat tou touye nou nan peyi Lejip la? Lè sa a, nou te konn chita devan bòl vyann nou, nou te konn manje pen plen vant nou. Men, ou menm ak Arawon, nou mennen nou nan dezè sa a pou fè tout kantite moun sa yo mouri grangou.
4Senyè a #Egz 15.25; Sòm 78.24; 105.40; Jan 6.31; 1 Kor 10.3 di Moyiz konsa:
— Mwen pral fè pen tonbe sòti nan syèl la pou nou tankou grenn lapli. Pèp la va sòti chak jou pou l ranmase mezi li bezwen pou jounen an. Konsa, m'a gade pou m wè si wi ou non yo vle mache sou lòd mwen vre. 5Chak sizyèm jou nan senmenn lan, y'a ranmase de fwa lavalè sa yo konn ranmase lòt jou yo, y'a pare mete la.
6Moyiz #Egz 6.7 ak Arawon di tout moun pèp Izrayèl yo:
— Aswè a n'a konnen se Senyè a ki te fè nou pati kite peyi Lejip. 7Denmen #Nonb 16.19 maten, n'a wè ki kalite pouvwa Senyè a genyen. Li tande jan n'ap bougonnen sou do li. Paske mwen menm ak Arawon, kisa nou ye pou se sou nou n'ap bougonnen konsa? Se pa sou nou n'ap bougonnen an non, se sou Senyè a menm.
8Apre sa, Moyiz di yo:
— Se Senyè a k'ap ban nou vyann pou nou manje chak swa. Se li k'ap ban nou kantite pen nou bezwen chak maten, paske Senyè a tande tout bougonnen n'ap bougonnen sou li a. Nou menm, kisa nou ye? Se pa sou nou n'ap bougonnen, men se sou Senyè a n'ap bougonnen.
9Lè sa a Moyiz di Arawon:
— Men sa pou ou di tout moun pèp Izrayèl yo: Pwoche vin devan Senyè a paske li tande jan n'ap plenyen an.
10Pandan Arawon t'ap pale ak tout moun pèp Izrayèl yo, yo vire tèt yo bò dezè a, yo wè pouvwa Bondye a parèt nan nyaj la. 11Senyè a di Moyiz:
12— Mwen #Nonb 14.27 tande jan moun pèp Izrayèl yo ap plenyen. Men sa pou ou di yo: Aswè a, anvan li fin fè nwa, n'a gen vyann pou nou manje. Denmen maten, n'a gen pen kantite nou bezwen. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm, Senyè a, ki Bondye nou.
13Nan #Nonb 11.9,31; Sòm 105.40 aswè, zòtolan vini, yo kouvri tout kote yo te moute tant yo a. Nan maten, te gen yon kouch lawouze toutalantou kote pèp la te moute tant yo a. 14Lè lawouze a disparèt, li kite yon kwout tou blan atè nan dezè a. Kwout la te fen, li te plen ti grenn tankou sèl, li te kouvri tout atè a. 15#Jan 6.31,49; 1 Kor 10.3 moun pèp Izrayèl yo wè sa, yo pat konn sa l te ye. Yonn t'ap di lòt:
— Sa sa ye sa?
Moyiz di yo:
— Sa a, se pen Senyè a ban nou pou nou manje. 16Men #Egz 16.36 lòd Senyè a ban nou: Se pou chak moun ranmase mezi yo bezwen pou kantite moun ki lakay yo. N'a ranmase twa ti mamit edmi pou chak moun.
17Moun pèp Izrayèl yo fè sa Moyiz te di yo fè a. Gen moun ki te ranmase plis, gen lòt ki te ranmase pi piti. 18Men, #2 Kor 8.15 lè yo mezire, sa ki te ranmase plis yo pat gen twòp, sa ki te ranmase pi piti yo pat manke anyen. Konsa, chak moun te ranmase mezi yo te bezwen pou yo manje. 19Moyiz di yo:
— Piga pèsonn sere anyen pou denmen.
20Men gen moun ki pat koute Moyiz. Yo sere ti gout pou denmen maten. Nan denmen yo jwenn li plen vè, li te gate. Moyiz te fache sou moun sa yo. 21Chak maten yo ranmase mezi yo te bezwen pou yo manje. Men, kou solèy la konmanse cho, bagay la te fonn.
22Sizyèm jou nan senmenn lan, yo te ranmase de fwa lavalè sa yo te konn ranmase chak jou a. Yo te ranmase sèt ti mamit pou chak moun. Tout chèf fanmi ki te alatèt pèp la vin di Moyiz sa. 23Moyiz #Jen 2.3; Egz 20.8-11; 31.15; 35.2,3; Lev 23.3 reponn yo:
— Men lòd Senyè a te bay: Denmen se jou repo, se jou repo ki apa pou Senyè a. Kwit sa nou gen pou nou kwit. Bouyi sa nou gen pou nou bouyi. N'a sere rès la pou denmen.
24Jan Moyiz te ba yo lòd la, yo sere rès la pou denmen. Li pat gate, vè pat tonbe ladan l. 25Moyiz di yo:
— Nou mèt manje rès la jòdi a, paske jòdi a se jou repo yo mete apa pou Senyè a. Jòdi a nou p'ap jwenn anyen deyò a. 26Pandan sis premye jou senmenn lan n'a jwenn pou n ranmase. Men setyèm jou a, jou repo a, nou p'ap jwenn anyen pou nou ranmase.
27Setyèm jou a, gen kek moun nan pèp la ki te sòti al ranmase manje, men yo pa jwenn anyen. 28#Sòm 78.10 sa a, Senyè a di Moyiz:
— Kilè n'a sispann dezobeyi lòd ak kòmandman mwen yo? 29Konprann sa byen, se mwen menm, Senyè a, ki te ban nou jou repo sa a. Se poutèt sa, sou sizyèm jou nan senmenn lan, mwen ban nou manje valè pou de jou. Nan setyèm jou senmenn lan, se pou tout moun rete kote yo ye a. Piga pèsonn mete tèt deyò.
30Se konsa, lè setyèm jou a rive, pèp la pa fè okenn travay. 31Pèp #Nonb 11.7,8 Izrayèl la rele manje a lamàn. #16.31: lamàn: Se yon mo ebre ki sonnen tankou yon lòt mo ebre ki vle di Sa sa ye sa? Li te gen fòm grenn pitimi. Li te tou blan, li te gen menm gou ak gato ki fèt ak siwo myèl. 32Moyiz di yo:
— Men lòd Senyè a ban nou. Se pou nou sere twa ti mamit edmi plen lamàn pou pitit pitit nou yo. Konsa y'a wè ki kalite manje mwen te konn ban nou nan dezè a, lè mwen te fè nou sòti kite peyi Lejip la.
33Apre #Eb 9.4 sa Moyiz di Arawon:
— Pran yon ti ja, mete twa ti mamit edmi lamàn ladan l. Mete l devan Senyè a pou l ka rete pou pitit pitit nou yo.
34Arawon #Egz 25.16,21; 40.20; Nonb 17.10 fè sa Senyè a te bay Moyiz lòd fè a. Li mete ti ja a devan Bwat Kontra a, li sere l la. 35Moun #Det 8.2,3; Joz 5.12; 1 Kor 10.3 pèp Izrayèl yo pase karantan ap manje lamàn, jouk jou yo rive nan yon peyi kote yo jwenn moun rete. Kifè yo manje lamàn jouk yo rive sou fontyè peyi Kanaran.
36Twa ti mamit edmi, se valè twaka yon gwo mamit. Trannsenk ti mamit fè yon gwo bidon.

Chwazi Kounye ya:

Egzòd 16: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an