1
Egzòd 16:3-4
1998 Haïtienne
Yo t'ap di yo: — Poukisa Senyè a pat tou touye nou nan peyi Lejip la? Lè sa a, nou te konn chita devan bòl vyann nou, nou te konn manje pen plen vant nou. Men, ou menm ak Arawon, nou mennen nou nan dezè sa a pou fè tout kantite moun sa yo mouri grangou. Senyè a di Moyiz konsa: — Mwen pral fè pen tonbe sòti nan syèl la pou nou tankou grenn lapli. Pèp la va sòti chak jou pou l ranmase mezi li bezwen pou jounen an. Konsa, m'a gade pou m wè si wi ou non yo vle mache sou lòd mwen vre.
Konpare
Eksplore Egzòd 16:3-4
2
Egzòd 16:2
Yo tout pran bougonnen sou do Moyiz ak Arawon nan dezè a.
Eksplore Egzòd 16:2
3
Egzòd 16:8
Apre sa, Moyiz di yo: — Se Senyè a k'ap ban nou vyann pou nou manje chak swa. Se li k'ap ban nou kantite pen nou bezwen chak maten, paske Senyè a tande tout bougonnen n'ap bougonnen sou li a. Nou menm, kisa nou ye? Se pa sou nou n'ap bougonnen, men se sou Senyè a n'ap bougonnen.
Eksplore Egzòd 16:8
4
Egzòd 16:12
— Mwen tande jan moun pèp Izrayèl yo ap plenyen. Men sa pou ou di yo: Aswè a, anvan li fin fè nwa, n'a gen vyann pou nou manje. Denmen maten, n'a gen pen kantite nou bezwen. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm, Senyè a, ki Bondye nou.
Eksplore Egzòd 16:12
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo