Egzòd 13

13
Konsekrasyon tout premye pitit gason
1Senyè a di Moyiz konsa:
2— Se pou nou mete tout premye pitit gason #Egz 13.12-15; 22.29,30; 34.19; Lev 27.26; Nonb 3.13; 8.16,17; 18.15; Det 15.19; Lik 2.23 ak tout premye mal bèt yo apa pou mwen. Tout premye pitit gason moun pèp Izrayèl yo, tout premye mal bèt yo fè, se pou mwen yo ye.
Fèt pen san ledven
3Moyiz #Egz 3.19; 12.15,42; 13.9,14,16; Det 16.3 di pèp la:
— Pa janm bliye jou sa a, jou nou te sòti kite peyi Lejip kote yo te fè nou tounen esklav la, paske se Senyè a menm ki te fè nou sòti ak fòs ponyèt li. Jou sa a, se pa pou nou manje pen ki gen ledven ladan l. 4Se #Egz 23.15; 34.18; Det 16.1 jodi a, nan mwa mas avril la, n'ap soti kite peyi Lejip. 5Senyè a #Egz 3.8; 6.8; 33.1,2 va fè nou antre nan peyi moun Kanaran yo, moun Et yo, moun Amori yo, moun Evi yo ak moun Jibis yo. Se yon peyi ki rich anpil, kote lèt ak siwomyèl koule kou dlo. Se peyi sa a Senyè a te pwomèt l'ap bay zansèt nou yo. Lè l'a fè nou antre nan peyi sa a, n'a toujou fè sèvis sa a nan menm mwa a. 6Pandan #Egz 12.15,16 sèt jou, n'a manje pen ki fèt san ledven. Sou setyèm jou a, n'a fè yon fèt pou Senyè a. 7Pandan sèt jou, n'a manje pen ki fèt san ledven. Yo pa dwe jwenn ni pen ki fèt ak ledven, ni ledven menm lakay nou, nan tout peyi a. 8Jou #Egz 12.26,27 sa a, men sa n'a di pitit gason nou yo: Nou fè tou sa pou Senyè a, lè nou chonje tou sa li te fè pou nou lè nou sòti kite Lejip la.
9Sèvis #Egz 12.14; Det 6.8; 11.18 sa a ap tankou yon mak nan men nou osinon yon bagay nou mete nan tèt nou pou nou pa bliye, pou nou ka toujou fè konnen lòd Senyè a. Paske, se avèk fòs ponyèt li li fè nou sòti kite peyi Lejip la. 10Toujou fè sèvis sa a chak lanne, nan dat mwen te fikse a.
11Lè Senyè a va fè nou antre nan peyi moun Kanaran yo, dapre pwomès li te fè nou an, nou menm ansanm ak zansèt nou yo, lè Senyè a va ban nou peyi sa a, 12n'a #Egz 13.2 pran tout premye pitit gason nou yo, n'a mete yo apa pou Senyè a. Konsa tou, tout premye pitit bèt nou yo, depi se mal yo ye, se pou mwen yo ye.
13Nan #Egz 34.20; Nonb 18.15,16 plas tout premye pitit bourik nou yo, se pou nou ban mwen yon ti mouton. Si nou pa fè sa, se pou nou kase kou l. Men, n'a ofri m bagay pou achte lavi tout premye pitit gason nou yo nan men mwen. 14Denmen, #Egz 12.26,27 lè pitit gason nou yo va mande nou poukisa nou fè sa, n'a di yo: Se paske se ak fòs ponyèt li Senyè a te fè nou sòti kite peyi Lejip kote yo te fè nou tounen esklav la. 15Senyè a te touye depi premye pitit gason moun peyi Lejip yo rive jouk premye mal bèt yo fè, paske farawon an t'ap fè tèt di, li pat vle kite nou ale. Se poutèt sa nou ofri bay Senyè a tout premye mal bèt nou yo fè, epi nou ofri lòt bagay pou achte lavi tout premye pitit gason nou yo nan men l.
16Sèvis #Egz 13.9,14 sa a va tounen tankou yon mak sou men nou, tankou bando nou mare sou fwon nou, pou fè nou chonje se ak fòs ponyèt li Senyè a te fè nou sòti kite peyi Lejip.
Nyaj la ak dife a
17#Egz 14.10-12; Nonb 14.1-4 farawon an kite pèp Izrayèl la pati, Bondye pa mennen yo nan wout ki pase bò lanmè a pou ale nan peyi moun Filisti yo, atout se wout sa a ki te pi kout, paske Bondye te di: Mwen pa vle pou pèp la gen remò pou yo kase tèt tounen nan peyi Lejip la ankò, lè y'a wè batay yo gen pou yo fè. 18Se #Egz 14.2; Nonb 33.6,8,10,11 konsa, Bondye fè pèp la pran chemen dezè a nan direksyon lanmè Wouj la. Pèp Izrayèl la te sòti kite peyi Lejip la tankou yon lame. 19Moyiz #Jen 50.25 pran zosman Jozèf yo avèk li, paske Jozèf te fè moun pèp Izrayèl yo fè sèman. Li te di yo: Bondye gen pou vin ede nou. Lè sa a, se pou nou pati ak zosman mwen sòti isit la.
20Yo #Nonb 33.6 kite Soukòt, yo rive yon kote ki rele Etam, sou lizyè dezè a, yo pase kèk tan la. 21Lajounen, #Nonb 14.14; Det 1.33; Ney 9.12,19; Sòm 78.14; 1 Kor 10.1 Senyè a t'ap mache devan yo nan yon gwo nyaj ki te gen fòm yon poto pou moutre yo chemen pou yo pran. Lannwit, li t'ap mache devan yo nan yon dife ki te tankou yon flanm ki t'ap klere yo. Konsa, yo te ka vwayaje lajounen kou lannwit. 22Lajounen, nyaj la te toujou ap mache devan pèp la. Lannwit, se te dife a.

Chwazi Kounye ya:

Egzòd 13: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an