Egzòd 10:1-11

Egzòd 10:1-11 HAT98

Senyè a di Moyiz ankò: — Ale bò kote farawon an. Se mwen menm ki fè l gen tèt di, li menm ansanm ak moun pa l yo, pou m fè yo wè mèvèy mwen ka fè nan mitan yo. Konsa tou, n'a rakonte pitit nou yo ak pitit pitit nou yo sa mwen te fè moun peyi Lejip yo pase ak kalite mèvèy mwen te fè nan mitan yo. Lè sa a nou tout n'a konnen se mwen menm menm ki Senyè a. Se konsa Moyiz ak Arawon ale bò kote farawon an. Yo di l: — Men sa Senyè a, Bondye pèp ebre a, voye di ou: Kilè w'a aprann soumèt tèt ou devan mwen? Kite pèp mwen an ale pou l ka fè yon sèvis pou mwen. Si ou refize kite pèp mwen an ale, men sa m pral fè: Denmen, mwen pral voye krikèt vèt sou tout peyi a. Yo pral kouvri tout tè a, jouk moun p'ap ka wè tè a ankò. Yo pral devore ti rès lagrèl te kite pou nou an. Y'a devore tout pyebwa ki nan jaden nou yo. Y'ap anvayi tout kay ou yo, kay tout moun pa ou yo ak kay tout moun nan peyi a. Se bagay granpapa nou yo ak zansèt nou yo pat janm wè depi yo fèt jouk jounen jòdi a. Apre sa, Moyiz vire do l, li sòti kay farawon an. Moun pa farawon yo vin di l: — Kilè nonm sa a va sispann ban nou pwoblèm? Kite moun yo ale non. Kite yo al fè sèvis pou Bondye yo a. Ou pa wè jan peyi Lejip la ap fini! Se konsa yo fè Moyiz ak Arawon tounen vin kote farawon an. Farawon an di yo: — Nou mèt al fè sèvis pou Senyè a, Bondye nou an. Kilès ki prale? Moyiz reponn li: — Nou prale ak tout timoun yo, ak tout granmoun yo, ak tout pitit gason nou yo, ak tout pitit fi nou yo ansanm ak bèf, mouton ak kabrit nou yo, paske se yon gwo sèvis pou n fè pou Sènyè a. Farawon an di yo: — Gade jan nou gen move lide dèyè tèt nou! Mwen ta swete pou Senyè a ede nou vre! Men, mwen p'ap kite nou ale ansanm ak timoun yo. Non. Sa p'ap pase konsa. Se nou menm gason yo ase ki mèt ale pou fè sèvis pou Senyè a. Se pa sa nou te mande? Lè l fin di yo sa, li fè mete yo deyò lakay li.