Apre sa, Estè al pale ak wa a ankò. Li lage kò l nan pye l ap kriye. Li mande l pou l fè kichòy pou kraze vye konplo Aman, moun laras Agag la, te moute sou do jwif yo. Wa a lonje baton lò a bay Estè. Estè leve epi li di: — Si sa fè wa a plezi, si wa a kontan avè m, si se yon bagay li ka fè, si mwen fè wa a plezi, tanpri, ekri yon lèt pou revoke lòd Aman, pitit Amedata, moun laras Agag la, te bay pou yo te touye dènye kras jwif toupatou nan peyi wa a. Mwen p'ap ka rete konsa pou m wè malè sa a ap tonbe sou moun pèp mwen yo, pou m wè y'ap touye tout fanmi m yo. Wa Asyeris di Estè ak Madoche konsa: — Gade, mwen fè pann Aman poutèt konplo li te moute sou do jwif yo, lèfini, m bay Estè tout byen li yo. Men, depi yo bay yon lòd piblik nan non wa a, avèk sò wa a sou li, lod la pa ka revoke. Tansèlman, nou menm, nou gendwa ekri yon lèt bay jwif yo nan non mwen avèk sò mwen sou li.
Li Estè 8
Koute Estè 8
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Estè 8:3-8
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo