Wa a te al nan fèt larenn Estè a ankò ansanm ak Aman. Pandan yo t'ap bwè diven, wa a mande Estè, tankou premye jou a: — Di m sa ou vle, m'ap ba ou li. Ou te mèt mande m mwatye nan peyi a, m'ap ba ou li! Estè reponn li: — Si wa a kontan avè m, si se plezi li pou li ban mwen sa m vle a, tanpri, sove lavi m ansanm ak lavi pèp mwen an. Se sa ase mwen mande ou. Paske yo vann nou, mwen menm ansanm ak tout pèp mwen an, pou yo ka masakre nou, touye nou, disparèt nou nèt. Si se vann yo te vann nou pou fè nou tounen esklav, mwen pa ta di anyen, mwen pa ta deranje ou pou sa ase. Men, moun ki pa vle wè nou an p'ap janm ka ranplase pèt l'ap fè ou fè a. Wa Asyeris mande larenn Estè: — Ki moun ki penmèt li gen lide fè bagay konsa? Kote moun lan? Estè reponn li: — Moun ki pa vle wè nou an, moun k'ap pèsekite nou an, se Aman, mechan sa a! Aman dekare, li pran tranble devan wa a ak larenn lan.
Li Estè 7
Koute Estè 7
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Estè 7:1-6
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo