Estè 6

6
Wa a fè rele viv Madoche
1Menm jou lannwit sa a, wa a pat #Estè 2.23; Da 6.18 ka dòmi. Li fè yo pote achiv gouvènman kote yo te ekri tou sa ki te pase nan peyi a nan tan lontan. Li fè yo li ladan l pou li. 2Nan #Estè 2.21,22 sa yo li a, te gen yon pòsyon kote yo te rakonte ki jan Madoche te dekouvri konplo de nan domestik konfyans wa a, Bigtan ak Tèrèch, ki t'ap fè pòs devan chanm wa a, te moute pou yo ansasinen wa a. 3Wa a mande:
— Kisa yo te fè pou Madoche lè sa a? Kisa yo te ba li pou sa?
Mesye ki te la ap sèvi wa a reponn:
— Yo pat fè anyen pou li non.
4Wa a #Estè 5.14 mande:
— Kilès nan chèf yo ki nan lakou palè a?
Lè sa a, Aman te fenk antre nan lakou palè a. Li te vin mande wa a pou l te fè pann Madoche nan poto li te pare a. 5Mesye yo reponn:
— Aman la a wi! L'ap espere ou nan lakou a.
Wa a di:
— Fè l antre!
6Lè Aman antre, wa a di l konsa:
— Ki pi bèl bagay m ta fè pou yon moun mwen ta renmen renmèsye pou sèvis li rann mwen.
Aman di nan kè l: Pa gen lòt moun wa a ta renmen renmèsye pase mwen menm! 7Epi li di wa a:
— Yon moun ou ta renmen renmèsye pou sèvis li rann ou! 8Enben! #1 Wa 1.33 Fè yo pran yonn nan bèl rad ou konn mete sou ou yo pote l bay moun sa a. Pran chwal ou konn moute a ak tout kouwòn lan sou tèt li. #6.8: ak tout kouwòn lan sou tèt li: Se ta ka yon kalite òneman ki te gen fòm yon kouwòn yo te konn mare sou krinyè tèt chwal rwa a lè rwa a ap sòti sou chwal li. 9Chwazi #Jen 41.43 yonn nan pi gwo chèf ou yo, fè l al abiye moun sa a ak rad wa a. Lèfini, l'a fè l moute sou chwal la. Epi, l'a pwonmennen l nan tout lavil la sou plas piblik la. Pandan y'ap mache konsa, chèf la va di byen fò: Men ki jan wa a renmèsye moun pou sèvis yo rann li.
10#Lik 14.11 sa a, wa a di Aman:
— Kouri al chache rad la ak chwal la. Epi w'a fè tou sa ou di la a pou Madoche, nonm jwif la. W'a jwenn li chita bò pòtay palè a. Pa bliye anyen nan sa ou te di fè a.
11Aman pran rad la ak chwal la, li mete rad la sou Madoche. Li fè Madoche moute sou chwal la. Epi, Aman pwonmennen l sou plas piblik la. Pandan y'ap mache konsa, li t'ap di byen fò pou tout moun tande: Men ki jan wa a renmèsye moun pou sèvis yo rann li.
12Apre #2 Sam 15.30 sa, Madoche tounen tounen l bò pòtay palè wa a. Aman menm kouri al lakay li, li bouche figi l sitèlman li te wont. 13Li rakonte madanm li ak tout zanmi l yo tou sa ki te rive l. Lèfini, Zerès, madanm li, ak zanmi l yo ki te gen bon konprann di l konsa:
— Si Madoche se yon jwif vre, kounyeya ou p'ap ka fè l anyen. Ou konmanse pèdi pye devan l. Ou mèt sèten se li k'ap kraze ou.
14Zanmi l #Estè 5.8 yo t'ap pale toujou, lè domestik konfyans wa yo rive vin chache Aman pou l ale touswit nan fèt Estè te pare a.

Chwazi Kounye ya:

Estè 6: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte