Lè Atach bay Madoche mesay Estè a, Madoche voye repons sa a bay Estè: — Pa mete nan tèt ou lè y'ap touye jwif yo w'ap chape paske se lakay wa a ou rete. Si ou konprann pou fèmen bouch ou nan yon ka konsa, tanpi pou ou. Pèp jwif la ap ka toujou jwenn delivrans. Men ou pa janm konnen si se pa pou ka pare kou sa a ki fè ou larenn jodi a. Estè voye reponn Madoche: — Ou mèt ale. Reyini dènye jwif ki nan lavil Souz. Fè yo fè jèn pou mwen. N'a pase twa jou twa nwit san manje san bwè. Mwen menm bò pa m ansanm ak sèvant mwen yo, nou pral fè jèn tou. Apre sa, m aval kote wa a, atout lalwa defann sa. Si se pou m mouri, m'a mouri. Madoche ale, li fè tou sa Estè te di l fè a.
Li Estè 4
Koute Estè 4
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Estè 4:12-17
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo