Estè 4:1-17

Estè 4:1-17 HAT98

Lè Madoche pran nouvèl tou sa ki t'ap pase, sa te fè l lapenn anpil. Li chire rad sou li. Li mete yon rad sak anwo li ak sann dife sou tèt li, li pran lari pou li, li t'ap rele, li t'ap plenn byen fò. Li rive devan pòtay palè a. Li pa antre, paske moun pa gendwa antre anndan kay wa a ak rad sak sou yo. Nan tout pwovens yo, toupatou kote yo te pibliye lòd wa a, se te yon gwo lafliksyon pou jwif yo. Yo fè jèn, yo t'ap kriye, yo t'ap plenn. Anpil ladan yo mete rad sak sou yo, yo kouche nan sann dife. Lè sèvant Estè yo ansanm ak domestik konfyans li yo al di li sa Madoche t'ap fè, sa te boulvèse li anpil. Estè voye bon rad bay Madoche pou li te ka wete rad sak la sou li. Men, Madoche derefize. Lè sa a, Estè rele Atach, yonn nan domestik konfyans wa a te ba li pou sèvis li, li voye l bò kote Madoche pou konnen sa k'ap pase ak poukisa l'ap fè sa. Atach al jwenn Madoche sou plas piblik ki te devan pòtay palè wa a. Madoche rakonte l tou sa ki te rive l, ki jan Aman te pwomèt pou l te bay anpil lajan pou mete nan kès wa a si wa a te dakò pou yo masakre tout jwif yo. Li bay Atach yon kopi lòd wa a yo te pibliye lavil Souz la, ki te mande pou yo te detwi tout jwif yo. Madoche mande l pou l pote kopi piblikasyon an bay Estè, pou li esplike l sitirasyon an, lèfini pou Estè al bò kote wa a pou pale avè l, pou mande l gras pou pèp li a. Atach al di Estè tou sa Madoche te di l. Estè menm voye Atach di Madoche konsa: — Pèsonn, li te mèt fanm li te mèt gason, pa gendwa antre nan lakou anndan palè a pou wè wa a, si se pa wa a ki voye chache l. Si yon moun fè sa, y'ap touye l. Se lalwa. Tout moun k'ap travay ak wa a ansanm ak tout pèp lòt peyi ki sou lòd li yo konn sa. Sèl jan pou l pa mouri se si wa a lonje baton an lò a bay moun lan. Mwen menm, gen yon mwa depi wa a pa mande pou mwen. Lè Atach bay Madoche mesay Estè a, Madoche voye repons sa a bay Estè: — Pa mete nan tèt ou lè y'ap touye jwif yo w'ap chape paske se lakay wa a ou rete. Si ou konprann pou fèmen bouch ou nan yon ka konsa, tanpi pou ou. Pèp jwif la ap ka toujou jwenn delivrans. Men ou pa janm konnen si se pa pou ka pare kou sa a ki fè ou larenn jodi a. Estè voye reponn Madoche: — Ou mèt ale. Reyini dènye jwif ki nan lavil Souz. Fè yo fè jèn pou mwen. N'a pase twa jou twa nwit san manje san bwè. Mwen menm bò pa m ansanm ak sèvant mwen yo, nou pral fè jèn tou. Apre sa, m aval kote wa a, atout lalwa defann sa. Si se pou m mouri, m'a mouri. Madoche ale, li fè tou sa Estè te di l fè a.

Plan lekti ak devosyon gratis yo ki gen rapò ak Estè 4:1-17

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an