Efezyen 4

4
Nou fè yonn nan Sentespri
1Se sa ki fè, mwen menm ki nan prizon poutèt #Kol 1.10 Senyè a, m'ap mande nou pou nou viv yon jan ki konfòm ak jan Bondye te rele nou pou n viv la. 2Pa #Kol 3.12 janm vante tèt nou. Aji avèk dousè ak pasyans ak tout moun. Se pou nou yonn sipòte lòt avèk renmen nan kè nou. 3Sentespri a #Kol 3.14,15 mete nou ansanm. Se pou nou fè tou sa nou kapab pou nou ka toujou fè yon sèl kò, pou nou viv ak kè poze ansanm yonn ak lòt. 4Gen #Wòm 12.5 yon sèl kò ak yon sèl Sentespri, konsa tou se yon sèl Bondye a ki rele nou pou nou gen yon sèl espwa. 5Gen #Jan 10.16; 1 Kor 8.6 yon sèl Senyè, yon sèl konfyans, yon sèl batèm. 6Gen #1 Kor 12.6 yon sèl Bondye, ki papa nou tout, k'ap dominen sou nou tout, k'ap aji nan nou tout, ki nan nou tout.
7Nou #Wòm 12.3,6; 1 Kor 12.11 chak nou resevwa yon kado apa, dapre sa Kris la te bay la, 8Se #Sòm 68.18; Kol 2.15 poutèt sa pawòl la di:
Moute li moute anwo,
Li mennen yon bann prizonye,
Li fè lèzòm kado.
9Enben, #Jan 3.13 kisa sa vle di: Li moute anwo? Sa vle di, li te desann anvan sa jouk kote ki pi fon anba tè a. 10Moun ki te desann lan, se li menm tou ki te moute anwo nan syèl la, pou l te kapab plen tou sa ki egziste ak prezans li. 11Se #1 Kor 12.28; Tra 21.8 li menm ki fè lèzòm kado divès pouvwa. Li bay kèk ladan yo pouvwa pou sèvi apòt, li bay lòt ladan yo pouvwa pou sèvi pwofèt, li bay lòt ankò pouvwa pou anonse bòn nouvèl la, li bay dòt ankò pouvwa pou sèvi tankou pastè ak dirèktè. 12Konsa, #1 Pyè 2.5; 2 Tim 3.17 li byen oganize pèp Bondye a pou yo chak fè travay sèvis yo, pou kò Kris la ka grandi nan konfyans. 13Li #Kol 1.28 fè sa konsa pou nou tout ansanm nou ka rive fè yon sèl kò nan konfyans nou genyen an ak nan konesans Pitit Bondye a. Konsa, nou tout ansanm nou ka vin granmoun ki byen devlope, dapre dènye mezi devlòpman Kris la ki bon nèt. 14#1 Kor 14.20; Eb 13.9 sa a, nou p'ap viv tankou timoun ankò, tankou moun k'ap chanje lide fasil, ki kite kouran nenpòt doktrin trennen yo ale, ki tankou jwèt nan men bann rize sa yo ki konn ki jan pou yo pran tèt moun nan bay manti. 15Okontrè, #Ef 1.22; 5.23; Kol 1.18 ann pale verite a avèk renmen nan kè nou, konsa n'a ka grandi nan tout sans nan Kris la ki chèf kò a. 16Gremesi #Kol 2.19 Kris la, tout pati nan kò a byen òganize, yo tout byen mare yonn ak lòt nan jwenti yo. Konsa, lè chak pati fè sa yo gen pou yo fè a, tout kò a ap grandi, l'ap devlope nan renmen.
Nan Kris la n'ap mennen yon lòt lavi
17Se #Wòm 1.21; Kol 2.4,6 sa ki fè, men sa m'ap di nou, men sa m'ap deklare nou nan non Senyè a: Sispann viv tankou moun ki pa konn Bondye epi k'ap swiv lide pa yo ki pa vo anyen. 18Lespri #Ef 2.12; Kol 1.21; 1 Pyè 1.14 yo bouche, yo p'ap viv lavi Bondye bay la, paske yo pa konn anyen, kè yo fin di. 19Yo #Kol 3.5 san wont konsa, yo lage kò yo nan tout kalite vis, yo pran plezi yo nan fè tout kalite vye bagay sal san rete. 20Men nou menm, se pa konsa yo te fè nou konnen Kris la, 21si tout bon vre nou te tande pale sou Kris la, si tout bon vre yo te moutre nou verite a jan l ye nan Jezi, lè nou te mete konfyans nou nan li a. 22Se #Wòm 8.13; Kol 3.9; Gal 6.8 sa ki fè, se pou nou chanje vye karaktè sa a ki t'ap fè nou viv jan nou t'ap viv nan tan lontan an, vye moun sa a ki te fin pèvèti nèt ak vye dezi l yo ki t'ap twonpe nou. 23Se #Wòm 12.2 pou nou chanje nèt ni nan kè nou ni nan lespri nou. 24Se #Jen 1.26 pou nou vin yon lòt kalite moun jan Bondye vle l la, pou nou sanble ak li pou nou ka mennen yon lavi ki dwat, yon lavi ki apa pou Bondye, jan verite a mande l la.
25Se #Zak 8.16; Kol 3.8 poutèt sa, sispann bay manti. Se pou nou di verite lè n'ap pale ak frè nou, paske nou tout se manm yon sèl kò nou ye. 26Si #Sòm 4.4; Jak 1.19,20 nou ankòlè, veye kò nou pou kòlè a pa fè nou fè sa ki mal. Pa al dòmi ak kòlè nan kè nou. 27Pa bay Satan pye sou nou. 28Se #1 Tes 4.11 pou moun ki te konn vòlò sispann vòlò. Okontrè, se pou l travay di ak men l san fè move konbinezon, pou l sa gen dekwa bay moun ki nan bezwen. 29Pa #Ef 5.4; Kol 3.16,17; 4.6 kite okenn move pawòl sòti nan bouch nou. Pale bon koze ki ka ede lòt yo grandi nan konfyans Bondye, koze ki ka ede yo lè yo nan move pa. Konsa, se yon byen n'a fè pou moun k'ap tande nou yo. 30Pa #Ef 1.13; Eza 63.10 fè Sentespri Bondye a lapenn, paske Lespri a se mak letanp Bondye sou nou, li ban nou garanti Bondye ap fin delivre nou lè jou a va rive. 31Piga #Kol 3.8 yo jwenn nan mitan nou moun ki kenbe lòt nan kè yo, moun ki gen san wo, moun ki renmen fè kòlè. Piga yo tande woywoy ak joure nan mitan nou. Nou pa fèt pou gen okenn lòt kalite mechanste k'ap fèt nan mitan nou. 32Okontrè, #Mat 6.14; 18.22-35; Kol 3.12,13 se pou nou aji byen yonn ak lòt, se pou nou gen bon kè yonn pou lòt, pou nou yonn padonnen lòt, menm jan Bondye te padonnen nou nan Kris la.

Chwazi Kounye ya:

Efezyen 4: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an