Men sekrè a: Nan Jezikri, ak pouvwa bòn nouvèl la, moun ki pa jwif yo gen pou resevwa ansanm ak jwif yo pòsyon pa yo nan byen Bondye a. Yo se manm yon menm kò ansanm ak jwif yo, y'ap jwenn pa yo ansanm ak yo tou nan menm pwomès Bondye te fè a. Kifè m'ap sèvi bòn nouvèl sa a, se paske Bondye nan bon kè l fè m yon favè, li fè pouvwa li travay nan mwen. Mwen pi pitit pase moun ki pi pitit nan tout pèp Bondye a. Men atousa, se mwen menm Bondye bay privilèj sa a, pou m fè moun lòt nasyon yo konnen bòn nouvèl richès Kris la, richès moun p'ap janm fin konprann. Li ban m privilèj sa a pou m fè tout moun wè aklè ki jan plan travay Bondye te sere nan kè li a ap reyalize, paske Bondye ki kreye tout bagay te kenbe plan sa a nan kè l depi lontan. Men kounyeya, avèk legliz la, tout chèf ak tout otorite ki nan syèl la pral rive konnen bon konprann Bondye a sou tout fòm li yo.
Li Efezyen 3
Koute Efezyen 3
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Efezyen 3:6-10
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo