Eklezyas 9

9
1Mwen reflechi anpil sou bagay sa yo. Mwen #Det 33.3 wè se Bondye k'ap dirije lavi tout moun. Ni moun ki gen konprann, ni moun k'ap mache dwat. Li kontwole tou sa y'ap fè, kit yo renmen, kit yo rayi. Pesonn pa konn anyen sou sa k'ap tann yo pi devan. 2Se #Jòb 9.22; Ekl 2.14; Zak 5.3 menm sò a ki gen pou rive tout moun, ni mechan an, ni moun ki mache dwat la, bon an kou move a, #9.2: kou move a: Nou pa jwenn mo sa yo nan tèks ebre a. moun ki kenbe pye Bondye a kou moun ki pa kenbe pye Bondye a, moun ki ofri bèt pou touye pou Bondye kou moun ki pa ofri bèt pou Bondye. Konsa, yon moun debyen pa pi bon pase moun k'ap fè sa ki mal la. Moun ki fè sèman pa pi mal pase moun ki pè fè sèman.
3Se menm sò a pou tout moun. Sa tou, tankou tout lòt bagay ki rive sou latè, se yon malè. Se konsa, moun pase tout lavi yo ak mechanste nan kè yo, y'ap kite lide moun fou travay nan tèt yo, epi yo rete konsa yo mouri. 4Men, toutotan yon moun vivan toujou gen espwa pou li. Yon chen vivan miyò pase yon lyon mouri. 5Wi. #Jòb 14.21; Sòm 31.12; 88.12; Ekl 1.11; Eza 26.14 Moun vivan yo konnen yo gen pou yo mouri. Men moun mouri yo pa konn anyen. Yo pa bezwen tann anyen ankò pou sa yo fè. Talè konsa tout moun bliye yo. 6Tout santiman yo te gen nan kè yo pou moun yo te renmen, pou moun yo te rayi, pou bagay yo te anvi, tou sa disparèt avèk yo. Yo p'ap janm patisipe nan anyen k'ap fèt sou latè ankò.
7Ale #Ekl 8.15 non, monchè, manje manje ou ak kè kontan, bwè diven ou san kè sote. Bondye deja dakò ak tou sa w'ap fè. 8Se pou rad anwo ou toujou byen pwòp, tèt ou toujou byen penyen ak lwil santi bon. 9Jwi #Ekl 2.10; 7.15 lavi avèk fanm ou renmen an, pandan tout jou w'ap viv lavi ki pa vo anyen an, lavi Bondye ba ou pou viv sou latè a. Jwi tout jou sa yo ki yonn pa vo lòt, paske se sèlman sa ki pou ou nan lavi a, apre tout traka ou bay tèt ou pou fè travay ou sou latè. 10Tou #Kol 3.23 sa ou jwenn pou ou fè, fè l ak tout fòs ou. Paske, kote ou prale a, nan peyi kote mò yo ye a, nanpwen travay pou ou fè, pa gen lide ki pou mache nan tèt ou, pa gen konesans, pa gen bon konprann.
11Yon #1 Wa 22.34; Jer 9.23; Am 2.14,15 lòt bagay mwen wè ankò sou latè, se pa toujou moun ki konn kouri ki genyen nan kous, se pa toujou vanyan gason ki genyen nan lagè. Yon moun ki gen konprann pa toujou gen manje pou l manje, yon moun ki gen lespri pa toujou gen anpil byen. Moun ki gen kapasite pa toujou jwenn gwo pozisyon. Chans ak malchans la pou tout moun. 12Moun #Pwo 7.23; Ekl 8.7; Lik 21.34; 1 Tes 5.3 pa konnen lè lè yo ap rive. Tankou pwason ki pran nan senn, tankou zwazo ki pran nan pèlen, se konsa moun pran tou lè yon malè sèk tonbe sou yo.
13Men yon lòt bagay mwen te wè ankò: Se yon bèl egzanp ki moutre sa bon konprann ka fè pou moun. 14Vwala #2 Sam 20.15,16,22 se te yon ti bouk tou piti ki pat gen anpil moun ladan l. Yon gran wa vin atake l ak yon gwo lame. Li sènen bouk la toupatou, li fè pare yon bann bagay pou kraze miray ranpa bouk la. 15Te gen yon nonm nan bouk la ki te gen lespri, men se te yon pòv malere. Se li ki te sove bouk la avèk konesans li. Apre sa, tout moun bliye l. 16Mwen #Ekl 7.19; Mak 6.2,3 te toujou di:
Konesans pi bon pase gwo kouray,
men yo meprize konesans moun ki pòv.
Yo p'ap koute yo lè y'ap pale.
17Pito ou koute pawòl yon moun ki gen konprann ap di ou tou dousman pase pawòl chèf k'ap rele byen fò nan mitan yon bann moun sòt.
18Konesans #Joz 7.1; 2 Wa 17.21 pi bon pase tout zam pou fè lagè. Men, fòt yon sèl moun ka fè anpil byen pèdi tou.

Chwazi Kounye ya:

Eklezyas 9: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte