Eklezyas 7

7
Lavi se bagay serye
1Pito yo nonmen non ou anbyen pase pou #Pwo 22.1; Ekl 4.2 yo pale sou kalite bon odè ou mete sou ou. Jou ou mouri a pi bon pase jou ou fèt la. 2Pito ou ale nan yon kay kote ki gen lanmò pase pou ou ale nan yon kay kote y'ap fè fèt, paske tout moun gen pou mouri. Nou menm ki vivan, nou pa dwe janm bliye sa.
3Pito #2 Kor 7.10 yon moun nan lapenn pase pou l gen kè kontan. Lapenn rale figi ou, men l'ap louvri lespri ou.
4Moun ki gen bon konprann toujou ap kalkile sou lanmò. Moun sòt toujou ap kalkile sou ki jan pou yo jwi lavi a. 5Pito #Sòm 141.5 ou tande yon moun ki gen bon konprann ap rale zòrèy ou pase pou ou tande moun sòt ap fè lwanj pou ou. 6Lè moun sòt ap ri se tankou move chabon k'ap pete anba chodyè. Sa a tou, se voye wòch pou konble lanmè.
7#Egz 23.8 yon moun ki gen konprann ap sibi move tretman, sa ka fè li pèdi tèt li. Lajan sou kote fè moun pèdi karaktè li.
8Lè yon bagay ap fini, li pi bon pase lè l'ap kòmanse. Pito ou pran pasyans pase ou kite lògèy ap pouse ou.
9Pa #Pwo 14.17,29 fè kòlè fasil, paske se moun sòt ki renmen fache.
10Pa janm mande poukisa lontan te pi bon pase jodi a. Moun bon konprann pa mande bagay konsa.
11Sa bon pou moun gen bon konprann. Se tankou si ou te gen anpil byen. Se yon gwo avantaj pou tout moun k'ap viv sou latè.
12Bon #Pwo 3.18 konprann pwoteje ou menm jan lajan ka fè l. Men, avantaj yon moun genyen lè li gen konesans avèk bon konprann, sa l konnen an ap fè l viv.
13Gade #Ekl 1.15; 3.11; Eza 14.27 travay Bondye! Ki moun ki ka drese sa Bondye kwochi?
14Lè bagay ap mache byen pou ou, fè kè ou kontan. Lè malè tonbe sou ou, chonje ni yonn ni lòt se nan Bondye sa sòti. Konsa, yon moun pa janm konnen sa k'ap vin apre l.
15Lavi #Ekl 6.12; 8.12-14 sou latè pa vo anyen, se vre. Men mwen wè tout kalite bagay: Mwen wè moun debyen mouri mouri yo, atout yo mache dwat la. 16Pa #Wòm 12.3 chache twò bon, ni gen twòp lespri. Sa ou bezwen touye tèt ou fè? 17Men, #Jòb 15.32; Pwo 10.27 pa twò mechan ni pa twò sòt. Poukisa pou ou ta mouri anvan lè ou? 18Evite fè eksè ni nan yon sans ni nan yon lòt. Si ou gen krentif pou Bondye, ou p'ap tonbe nan fè eksè. 19Sa #Pwo 21.22; Ekl 9.16,18 konesans fè pou yon moun, dis grannèg pa ka fè l pou yon lavil. 20Pa #1 Wa 8.46; Wòm 3.23; 1 Jan 1.8 gen moun k'ap mache dwat sou latè ki ka di tou sa l'ap fè byen, li pa janm fè sa ki mal.
21Pa koute tou sa moun ap di. Konsa ou p'ap tande lè domestik ou ap pale ou mal. 22Paske ou menm tou, nan kè ou, ou konnen konbe fwa ou pale moun mal.
Pa gen anpil moun ki gen bon konprann
23Mwen sèvi avèk bon konprann mwen pou m fè tout esperyans sa yo nan lavi. Mwen di mwen ta renmen gen bon konprann. Men, mwen pat janm rive genyen l. 24Lavi #Jòb 28.12; Wòm 11.33; 1 Tim 6.16 se yon mistè. Li tankou yon twou san fon. Ki moun ki ka rive konprann li?
25Men, mwen pran san m pou m chache konnen, pou m egzaminen tout bagay. Mwen te sòti pou m te konprann, pou m te jwenn repons pou tout kèsyon mwen t'ap poze tèt mwen, pou m te rive konnen jan moun mechan yo pèdi tèt yo, jan moun sòt yo egare.
26Mwen #Pwo 5.4; 22.14; 23.28 resi jwenn yon bagay ki pi rèd pase lanmò. Se fanm ki fè sanblan li renmen ou pou li ka pran ou nan pèlen. Lè li anbrase ou se chenn li pase nan kou ou. Yon nonm ki fè Bondye plezi ap chape anba men li. Men moun k'ap fè sa ki mal ap tonbe anba grif li.
27Wi, men sa mwen menm filozòf la, mwen di: Antan m'ap chache konprann, lè mwen mete tou sa m konnen yonn sou lòt, bout pou bout men sa mwen rive jwenn. 28M'ap #1 Wa 11.3 bouske chache toujou, men mwen poko jwenn anyen. Sou milòm mwen kontre, se yon sèl gason total mwen trape. Men pou fanm menm, mwen pa trape yonn ki merite pote non fanm sou kantite fanm mwen kontre. 29Men #Jen 1.27; 3.6,7 sa mwen rive konprann ase: Bondye kreye moun pou yo viv tou senp san foub, men lèzòm konplike lavi a.

Chwazi Kounye ya:

Eklezyas 7: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an