Eklezyas 11

11
1 # 11.1: Men yon lòt janm nou ta ka bay vèsè a: Mete lajan ou nan fè trafik ak peyi etranje, yon lè konsa w'a antre l ak benefis. Fè byen san gad dèyè. Yon lè konsa, w'a #Det 15.10; Pwo 19.17; Mat 10.42; 2 Kor 9.6 jwenn rekonpans ou.
2Separe #Sòm 112.9; Lik 6.30; Ef 5.16 sa ou genyen ak mezi moun ou kapab, paske ou pa janm konnen ki malè ki ka rive ou sou latè.
3Depi nyaj yo plen dlo, se pou lapli tonbe sou latè. Lè yon pyebwa tonbe, kit li tonbe sou bò nò, kit li tonbe sou bò sid, kote l tonbe a, se la pou li rete.
4Si w'ap gade sou van, ou p'ap janm plante. Si w'ap gade sou nyaj, ou p'ap janm ranmase rekòt.
5Menm #Sòm 139.15; Jan 3.8 jan ou pa konnen ni kote van an sòti ni kote li prale, menm jan an tou ou pa konnen ki jan zo timoun fè fòmen nan vant fanm ansent. Se konsa tou ou pa ka konprann travay Bondye, li menm ki fè tout bagay.
6Nan maten, plante jaden ou. Aswè rive, plante jaden ou ankò. Ou pa janm konnen kilès nan de yo ap bay plis rannman. Ou pa janm konnen si tou de p'ap pran, si tou de p'ap bay menm rannman.
7Ala bon bagay se fè klè! Sa bon nèt lè ou wè solèy. 8Si #Ekl 2.23 yon moun gen chans viv lontan sou latè, se pou li kontan pou tout tan sa a. Men li pa dwe janm bliye tan li pral pase lè li fin mouri a long anpil. Tan anvan yo pa vo anyen devan tan k'ap vini yo.
Konsèy pou jenn gason
9 # 11.9—12.14: Koresponn ak chapit 12.1-16 nan kèk ansyen kopi tèks ebre a. Nou #Nonb 15.39; Ekl 2.10; 9.7; 12.14 menm, jenn gason, pwofite jennès nou. Fè kè nou kontan pandan tout tan nou jenn gason toujou. Fè tou sa nou ta vle fè, tou sa nou anvi fè. Men pa bliye Bondye gen pou mande nou kont pou tou sa nou fè. 10Pa #2 Kor 7.1 kite lapenn chita nan kè nou. Pa kite anyen fè nou soufri nan kò nou. Ou p'ap rete jenn gason ak cheve nwa tou tan.

Chwazi Kounye ya:

Eklezyas 11: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte