Detewonòm 7:1-12

Detewonòm 7:1-12 HAT98

Senyè a, Bondye nou an, pral fè nou antre nan peyi nou pral pran pou nou an. Li pral fè sèt nasyon ki gen plis moun pase nou, ki pi fò pase nou, kouri met deyò devan nou, ki vle di moun Et yo, moun Gigach yo, moun Amori yo, moun Kanaran yo, moun Perèz yo, moun Evi yo ak moun Jebis yo. Senyè a, Bondye nou an, pral lage yo nan men nou, nou pral bat yo. Lè sa a, se pou nou detwi yo nèt tankou yon ofrann pou Bondye nou an. Piga nou pase okenn kontra ak yo. Piga nou gen pitye pou yo. Piga nou marye ak moun sa yo. Pa kite pitit fi nou marye ak pitit gason yo, ni pa kite pitit gason nou marye ak pitit fi yo. Paske y'a pran tèt pitit gason nou yo, y'a fè yo vire do ban mwen pou y'al sèvi zidòl. Si nou fè sa, Bondye ap fache sou nou, l'a disparèt nou lapoula. Men sa pou n fè yo: Demoli tout lotèl yo, kraze tout estati yo, rache tout poto Achera yo, boule tout zidòl yo. N'a fè sa paske se yon pèp apa nou ye pou Senyè a, Bondye nou an. Se nou menm Senyè a, Bondye nou an, te chwazi nan tout pèp sou latè pou fè nou tounen yon pèp ki rele li pa li. Si nan tout pèp sou latè, se nou menm Senyè a te pito, si li te chwazi nou, se pa paske nou te gen plis moun nan pèp nou an pase lòt yo. Okontrè se nou ki te gen pi piti kantite moun. Men, se paske Senyè a te renmen nou, epi li te vle kenbe pwomès li te fè zansèt nou yo. Se poutèt sa li delivre nou avèk fòs ponyèt li. Li fè nou sòti kite peyi Lejip kote nou te tounen esklav la. Li wete nou anba pouvwa farawon an. Se pou nou rekonèt Senyè a, Bondye nou an, se sèl Bondye ki genyen, sèl Bondye k'ap toujou kenbe pawòl li. Wi, l'ap toujou kenbe kontra li pase a. L'ap toujou renmen moun ki renmen l, moun ki fè tou sa l mande yo fè, de pitit an pitit, pandan mil jenerasyon. Men, li p'ap manke pini moun ki rayi li. Se moun sa yo menm l'ap touye, se pa lòt moun. Wi, li p'ap pran reta pou li fè yo peye sa yo te fè a. Se poutèt sa se pou nou swiv tout kòmandman, tout lòd ak tout prensip mwen mande swiv jodi a. Si nou koute tou sa mwen mande nou la a, si nou kenbe yo nan kè nou, si nou swiv yo pwen pa pwen, Senyè a, Bondye nou an, va toujou kenbe kontra li te pase ak zansèt nou yo. L'ap toujou renmen nou jan li te sèmante bay zansèt nou yo.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an