Se pou nou kenbe tout kòmandman Senyè a ansanm ak tout lòd ak tout prensip li ban nou pou nou swiv. N'a fè sa ki dwat ak sa ki byen nan je Bondye pou nou ka gen kè kontan, pou nou ka pran bèl peyi Senyè a te fè sèman l'ap bay zansèt nou yo, pou nou ka chase tout lènmi nou yo devan nou, jan li te pwomèt la. Yon jou, lè pitit nou va mande nou poukisa Senyè a, Bonye nou an mande nou swiv tout lòd, tout prensip ak tout kòmandman sa yo, lè sa a, n'a di yo: Nou te esklav farawon an nan peyi Lejip. Senyè a te fè nou sòti kite peyi Lejip la avèk fòs ponyèt li. Nou te wè ak je nou tout mèvèy ak tout mirak li te fè pou kraze peyi Lejip, ansanm ak farawon an ak tout moun pa l yo. Men nou menm, li fè nou sòti kote nou te ye a, li mennen nou nan peyi li te pwomèt zansèt nou yo, epi li ban nou li. Apre sa, Senyè a, Bondye nou an, te pase nou lòd pou nou kenbe tout prensip sa yo. Konsa, n'a gen krentif pou li, n'a viv ak kè kontan, epi l'a konsève lavi nou jan li fè sa pou nou jouk kounyeya. Si nou vle fè Bondye plezi, se pou nou fè atansyon pou nou swiv tout kòmandman sa yo nèt. Se pou nou mache devan Senyè a, Bondye nou an, jan li mande nou an.
Li Detewonòm 6
Koute Detewonòm 6
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Detewonòm 6:17-25
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo