Detewonòm 5:1-21

Detewonòm 5:1-21 HAT98

Moyiz fè tout pèp Izrayèl la sanble, epi li di yo: — Nou menm pèp Izrayèl, koute lòd ak kòmandman m'ap fè nou tande jòdi a. Aprann yo byen. Pa janm bliye yo pou nou ka toujou fè tou sa yo mande nou fè. Senyè a, Bondye nou an, te siyen yon kontra ak nou sou Mòn Orèb la. Se pat avèk zansèt nou yo sèlman Senyè a te pase kontra a, men avèk nou menm tou, nou tout k'ap viv isit la jòdi a. Bondye te rete sou mòn lan nan mitan dife a. Li pale ak nou fasafas. Lè sa a, mwen menm mwen te kanpe nan mitan, Senyè a yon bò, nou menm yon bò, pou m te rapòte nou tout pawòl Senyè a te di, paske nou te pè dife a, nou pat vle moute sou mòn lan. Men sa Senyè a te di: Se mwen menm, Senyè a, Bondye nou an, ki te fè nou sòti kite peyi Lejip kote nou te esklav la. Piga nou sèvi lòt bondye pase mwen menm sèlman. Piga nou janm fè okenn estati ni okenn pòtre ki sanble bagay ki anwo nan syèl la osinon bagay ki sou latè ou ankò nan dlo anba tè a. Piga nou adore yo, ni piga nou sèvi yo. Paske mwen menm Senyè a, Bondye nou an, mwen se yon Bondye ki jalou anpil. Lè yon moun rayi m, mwen fè pitit li, pitit pitit li ak pitit pitit pitit li yo peye sa. Men, lè yon moun renmen m, lè li fè sa m mande l fè, m'ap moutre l jan moun rimnen l tou ansanm ak tout pitit pitit li yo pandan mil jenerasyon. Piga nou janm nonmen non Senyè a, Bondye nou an, an jwèt osinon pou bay manti, paske mwen menm, Senyè a, Bondye nou an, mwen p'ap manke pini moun ki nonmen non m pou gremesi. Toujou chonje jou repo a pou nou mete l apa pou Bondye, jan mwen menm Senyè a, Bondye nou an, te ban nou lòd fè l la. N'a travay sis jou. Lè sa a, n'a fè tou sa nou gen pou nou fè. Men, setyèm jou a, se jou repo Senyè a, Bondye nou an. Jou sa a, nou p'ap fè okenn travay, ni nou menm, ni pitit gason nou, ni pitit fi nou, ni fanm ni gason k'ap travay lakay nou, ni bèf nou, ni bourik nou, ni okenn nan lòt bèt nou genyen, ni moun lòt nasyon ki rete lakay nou. Konsa, ni fanm ni gason k'ap travay lakay nou ka pran repo menm jan ak nou. N'a toujou chonje se esklav nou te ye nan peyi Lejip la. E se mwen menm, Senyè a, Bondye nou an, ki te vin delivre nou ak fòs ponyèt mwen, ak gwo kouray mwen. Se poutèt sa, Senyè a, Bondye nou an, te pase nou lòd pou nou pa bliye jou repo a. Respekte manman nou ak papa nou jan Senyè a, Bondye nou an, te pase nou lòd la, pou nou ka viv lontan ak kè kontan nan peyi Senyè a, Bondye nou an, te ban nou. Piga nou fè zak asasinay touye moun. Piga nou janm fè adiltè. Piga nou vòlè moun. Piga nou janm fè manti sou frè parèy nou nan tribinal. Piga nou janm pote lanvi sou madanm frè parèy nou. Pa mete lide nou ni sou kay li, ni sou jaden li, ni sou gason osinon fanm k'ap travay lakay li, ni sou bèf li, ni sou bourik li, ni sou anyen ki pou frè parèy nou.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an