Detewonòm 4:32-40

Detewonòm 4:32-40 HAT98

Chache konnen sa ki te pase nan tan lontan, nan tan ki te la anvan nou te fèt, depi lè Bondye te mete moun sou latè. Ale toupatou sou latè, mande si yon gwo bagay konsa te janm rive. Eske yo janm tande yon gwo koze tankou koze sa a? Eske janm gen yon pèp ki te tande Bondye rete nan mitan dife pou pale ak yo, jan nou menm nou te tande l la, epi ki pa mouri apre sa? Eske te janm gen yon bondye ki te penmèt li al chache yon pèp nan mitan yon lòt pèp pou fè li tounen pèp pa li, yon bondye ki te janm fè tout mirak ak tout bèl bagay sa yo, yon bondye ki te janm goumen tout goumen sa yo ak fòs ponyèt li, ak gwo kouray li epi ki te fè anpil bagay pou fè moun tranble jan Senyè a, Bondye nou an, te fè l pou nou devan je nou nan peyi Lejip la? Se nou menm sèl Senyè a te fè wè tou sa pou nou te ka konnen se Senyè a ki sèl Bondye tout bon an, pa gen lòt ankò. Li rete nan syèl la, li fè nou tande vwa l pou l te ka moutre nou anpil bagay. Sou latè menm, li fè nou wè yon gwo dife, epi li rete nan mitan dife a, li pale ak nou. Li te renmen zansèt nou yo, li te chwazi pitit pitit yo apre yo, kifè li te fè yo santi li la ak yo, li fè yo wè gwo pouvwa li, li fè yo sòti kite peyi Lejip. Lèfini, li fè yon bann nasyon ki pi gran, ki pi fò pase nou kouri mete deyò pou fè plas ban nou. Li fè nou antre nan peyi yo. Li ban nou yo pou yo rele nou pa nou, jan sa ye jouk jòdi a. Bon. Kounyeya, konprann sa byen. Pa janm bliye se Senyè a ki Bondye anwo nan syèl la ak isit la sou latè. Wi, se li menm, pa gen lòt. Se pou nou swiv tout lòd ak tout kòmandman mwen ban nou jòdi a. Konsa, ni nou menm, ni tout pitit nou yo apre nou, n'a viv lontan ak kè kontan nan peyi Senyè a, Bondye nou an, ap ban nou pou rele nou pa nou pou tout tan.