Ou menm syèl, tande sa mwen pral di la a! Koute byen, ou menm latè, pawòl ki pral sòti nan bouch mwen! Sa m'ap di a pral tonbe tankou grenn lapli! Pawòl mwen yo pral tankou lawouze k'ap tonbe sou latè. Pawòl nan bouch mwen pral tankou bèl lapli k'ap tonbe sou jenn plant, tankou ti lapli tou fen k'ap tonbe sou zèb nan jaden. Mwen pral fè lwanj Senyè a! Rekonèt jan Bondye nou an gen pouvwa! Se Senyè a k'ap pwoteje nou. Tou sa li fè bon nèt. Li pa nan patipri nan anyen l'ap fè. Bondye nou an ap toujou kenbe pawòl li. Li pa nan bay manti. Li fè sa ki dwat, li pa fè okenn lenjistis. Se yo menm, pèp li a, ki pa kenbe pawòl yo, bagay yon bon pitit Bondye pa ta janm fè. Se yon bann mechan k'ap mache twonpe moun. Se konsa nou di Senyè a mèsi pou sa l fè pou nou, bann moun fou san konprann? Se pa li ki papa nou? Se pa li ki kreye nou? Se pa li ki fè nou sa nou ye a? Se pa li ki ban nou lavi? Chonje tan lontan! Repase tèt nou sou tan lontan! Mande papa nou pou li di nou sa k te pase. Mande granmoun lontan yo rakonte nou istwa tan lontan.
Li Detewonòm 32
Koute Detewonòm 32
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Detewonòm 32:1-7
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo