Moyiz pale ankò ak tout pèp Izrayèl la, li di yo: — Kounyeya, mwen gen sanventan sou tèt mwen. Mwen pa gen fòs pou m fè anyen ankò. Lèfini, Senyè a te tou di m mwen p'ap janbe lòt bò larivyè Jouden an. Senyè a, Bondye nou an, se li menm ki pral pran devan nou. L'ap detwi tout nasyon sa yo devan je nou pou nou ka pran peyi yo pou nou: Se Jozye ki va mache devan nou, jan Senyè a te di l la. Senyè a va detwi nasyon sa yo nèt, menm jan li te detwi Siyon ak Og, wa peyi Amori yo, ansanm ak tout moun nan peyi yo a nèt ale. Senyè a pral lage yo nan men nou. Lè sa a, se pou nou aji avèk yo jan Senyè a te ban nou lòd aji ak yo a. Se pou nou vanyan. Se pou nou mete gason sou nou! Nou pa bezwen pè. Pa tranble lè yo parèt devan nou. Senyè a, Bondye nou an, kanpe la avèk nou. Li p'ap janm lage nou, li p'ap janm kite nou pou kont nou. Apre sa, Moyiz rele Jozye, li pale avè l devan tout pèp Izrayèl la, li di l konsa: — Mete gason sou ou! Se pou ou vanyan! Paske se ou menm ki pral alatèt pèp la pou l antre pran peyi Senyè a te fè sèman l'ap bay zansèt yo a. Senyè a va pran devan ou, l'a kanpe la avè ou. Li p'ap janm lage ou, li p'ap kite ou pou kont ou: Ou pa bezwen pè. Ou pa bezwen tranble.
Li Detewonòm 31
Koute Detewonòm 31
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Detewonòm 31:1-8
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo