Senyè, Bondye mwen, se ou menm ki konmanse fè sèvitè ou la wè jan ou gen pouvwa, jan ou gen fòs kouray. Pa gen lòt bondye ni nan syèl, ni sou latè ki ka fè tout gwo bagay w'ap fè yo. Tanpri souple, kite m travèse lòt bò larivyè Jouden an pou m ka wè bèl peyi ki lòt bò a, bèl mòn sa yo ak peyi Liban an tou. Men, se nou menm ki lakòz Senyè a te fache sou mwen, li refize tande m. Li di m konsa: Ase la! Pa janm vin pale m bagay sa a ankò. Moute sou tèt mòn Pisga a. Antan ou la, w'a voye je ou, w'a gade sou bò nò, sou bò sid, sou bò solèy kouche ak sou bò solèy leve. Louvri je ou. Gade byen, paske ou p'ap janm mete pwent pye ou lòt bò larivyè Jouden an.
Li Detewonòm 3
Koute Detewonòm 3
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Detewonòm 3:24-27
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo