Detewonòm 23

23
Moun ki entèdi nan sèvis Senyè a
1Lè yon nonm gen grenn li yo kraze, osinon pati li koupe, li pa gendwa parèt tèt li ankò nan reyinyon pèp la ap fè pou fè sèvis pou Senyè a. 2Konsa tou, yon nonm ki gen san mele pa gendwa parèt tèt li nan reyinyon pèp la ap fè pou fè sèvis pou Senyè a, ni pitit li yo, ni pitit pitit li yo, te mèt sou dis jenerasyon. 3Moun #Ney 13.1,2 Amon #Rit 4.5 yo ak moun Mowab yo p'ap janm gendwa parèt tèt yo nan reyinyon n'ap fè pou fè sèvis pou Bondye, ni pitit yo, ni pitit pitit yo, te mèt sou dis jenerasyon. 4Paske #Nonb 22.5,6; Det 2.29; Joz 24.9 lè nou te sou wout nou, apre nou te fin kite peyi Lejip la, yo pat ofri nou manje ak dlo. Okontrè, yo te peye Balaram, pitit gason Bejò a, pou l te sòti lavil Petò nan Mezopotami, vin ban nou madichon. 5Men, #Nonb 23.11; 24.10; Pwo 26.2 Senyè a, Bondye nou an, te refize koute Balaram, epi li fè madichon an tounen benediksyon pou nou, paske Senyè a, Bondye nou an, renmen nou. 6Konsa, #Esd 9.12 toutotan n'ap viv sou latè, piga nou janm fè anyen ni pou ede yo ni pou fè yo plezi.
7Pa #Jen 25.24-26; Egz 22.21; 23.9; Lev 19.34; Nonb 20.14 meprize moun Edon yo. Se moun menm ras avè nou yo ye. Pa meprize moun peyi Lejip yo nonplis, paske yon lè se nan peyi yo nou te rete. 8Lè moun sa yo vin rete nan peyi nou an, sou twa jenerasyon, pitit yo va gendwa vin nan reyinyon n'ap fè pou fè sèvis pou Bondye.
Pwòprete kan an
9Lè n'ap fè lagè ak lènmi nou yo, antan n'ap viv nan kan, se pou nou egzante tou sa ki ka mete nou nan kondisyon pou nou pa ka fè sèvis Bondye. 10Si #Lev 15.16 yon moun ta nan kondisyon pou li pa ka sèvi Bondye paske li te voye sou li lannwit, l'a sòti kite kan an, l'a rete deyò pou tout jounen an. 11Nan aswè, l'a lave kò l. Apre solèy kouche, l'a ka antre nan kan an ankò.
12N'a chwazi yon kote andeyò limit kan an kote n'a ka ale fè bezwen nou. 13N'a pran yon pikwa nan zouti nou yo, n'a fouye yon twou, n'a degaje nou, epi n'a kouvri l ak tè. 14Senyè a, #Lev 26.12 Bondye nou an, ap pwomennen nan tout kan an pou l pwoteje nou, pou l lage lènmi nou yo nan men nou. Se poutèt sa, se pou nou toujou kenbe kan an pwòp nèt pou Senyè a pa wè anyen ladan l ki pou ba l kè tounen epi ki pou ta fè l vire do ban nou.
Pwoteksyon pou pi fèb yo
15Si #1 Sam 30.15 yon esklav sove lakay mèt li vin mande nou pwoteksyon, nou pa gendwa renmèt li bay mèt li. 16N'a kite l viv avèk nou nan mitan pèp la, nan nenpòt ki lavil la chwazi, kote la pi pito. Pa janm pwofite sou li.
Divès lòt regleman
17Piga #Lev 19.29; 1 Wa 14.24; 2 Wa 23.7 okenn gason ni okenn fanm nan pèp Izrayèl la al pote tèt yo fè jennès nan sèvis pou zidòl moun lòt nasyon yo. 18Pa janm kite yon fanm osinon yon gason vin nan tanp Bondye a pou fè okenn ofrann ak lajan yo fè nan kondisyon sa a, paske Senyè a deteste bagay avilisan konsa.
19Piga #Egz 22.25; Lev 25.36,37; Ney 5.10; Sòm 15.5 nou janm fè yon moun pèp Izrayèl parèy nou peye enterè lè nou prete l lajan, osinon manje, osinon nenpòt lòt bagay. 20Nou #Det 15.3,10 gendwa egzije yon moun lòt nasyon pou l peye nou enterè sou sa nou prete l. Men, nou pa ka fè yon moun pèp Izrayèl parèy nou sa. Se konsa, Senyè a, Bondye nou an, va beni nou nan tou sa nou pral fè nan peyi Bondye pral ban nou pou rele nou pa nou. 21#Nonb 30.2; Ekl 5.4,5 yonn nan nou pwomèt Senyè a n'ap fè kichòy pou li, pa kite twòp tan pase anvan nou kenbe pwomès la, paske Senyè a, Bondye nou an, p'ap manke mande nou kont. Lè sa a, n'a gen yon peche sou konsyans nou. 22Si nou pa fè Senyè a okenn pwomès, nanpwen peche nan sa. 23Men, #Sòm 66.13,14 depi yon pawòl sot nan bouch nou, fòk nou kenbe l. Lè nou fè Senyè a yon pwomès ak pwòp bouch nou san anyen pat fòse nou fè l, se pou nou kenbe l.
24Lè nou pase nan jaden rezen yon moun pèp Izrayèl parèy nou, nou gendwa manje kont rezen nou, jan nou vle. Men, piga nou pran anyen pote ale. 25Si #Mak 2.23 nou antre nan jaden ble yon moun pèp Izrayèl parèy nou, si ble a mi, nou gendwa kase kèk zepi ak men nou. Men, piga nou mete manchèt pou koupe ble ki mi nan jaden moun pèp Izrayèl parèy nou.

Chwazi Kounye ya:

Detewonòm 23: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte