Si nou swiv pwen pa pwen tout kòmandman mwen ban nou lòd pou nou swiv yo, si nou renmen Senyè a, Bondye nou an, si nou mache sou chemen li mete devan nou an, si nou pa janm lage l, Senyè a va mete tout nasyon sa yo deyò devan nou pou nou ka pran plas yo. N'a pran pou nou peyi yon bann nasyon ki gen plis moun pase nou, ki pi fò pase nou. Tout kote pye nou va pile, se pou nou la ye. N'a gen dezè a pou lizyè sou anba, peyi Liban an sou anwo. N'a gen gwo larivyè Lefrat la yon bò ak lanmè Mediterane a sou bò solèy kouche. Pèsonn p'ap ka kanpe devan nou pou rete nou sou kous nou. Kote nou pase, Senyè a, Bondye nou an, pral fè moun peyi a pè nou, yo pral kouri pou nou jan li te pwomèt nou li a.
Li Detewonòm 11
Koute Detewonòm 11
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Detewonòm 11:22-25
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo