Se konsa yo kouri al jwenn wa a, yo di l konsa: — Wa Dariyis, nou mande pou bondye yo ba ou lavi pou lontan ankò! Tout gwo chèf nan peyi a ansanm ak prefè yo, gouvènè yo, minis yo ak lòt chèf yo, nou tout, nou dakò pou wa a pase yon lòd sevè ki mande pou tout moun lapriyè nan pye wa a ase pandan trant jou. Nenpòt moun ki ta dezobeyi lòd sa a, epi ki ta lapriyè nan pye yon bondye osinon yon lòt moun pandan tan sa a, se pou yo jete l nan gwo twou lyon yo. Monwa, nou mande ou pou fè ekri lòd sa a, lèfini pou ou siyen l. Konsa, dapre lalwa peyi Medi ak peyi Pès la, yo pat ka chanje anyen ladan l, tout moun fèt pou koube devan l. Se konsa, wa Dariyis siyen lòd la. Lè Danyèl vin konnen wa a te siyen lòd sa a, l'al lakay li. Te gen yon chanm anwo sou teras la ak yon fennèt ki bay nan direksyon lavil Jerizalèm. Li moute, li mete ajenou devan fennèt la ki te louvri, li lapriyè Bondye l jan li te toujou fè, twa fwa pa jou a. Mesye yo vini, yo wè Danyèl ki t'ap lapriyè nan pye Bondye l la. Yo tout al jwenn wa a epi yo di l: — Monwa, eske ou pat siyen yon lwa ki te mande pou tout moun lapriyè nan pye ou ase pandan trant jou? Nenpòt moun yo ta jwenn ap lapriyè yon bondye osinon yon lòt moun pandan tan sa a, se pou yo jete l nan gwo twou lyon an, pa vre? Wa a reponn: — Lòd la bay dapre lalwa peyi Medi ak peyi Pès la ki pa ka chanje.
Li Danyèl 6
Koute Danyèl 6
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Danyèl 6:6-12
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo