Yo mennen Danyèl devan wa a. Wa a di li: — Se ou menm Danyèl, yonn nan jwif wa Nebikadneza, papa m, te depòte sòti nan peyi Jida mennen isit la? Mwen tande ou gen bondye yo avè ou. Ou se yon nonm ki gen anpil lespri, anpil konesans ak anpil bon konprann. Yo mennen nèg save ak moun ki li zetwal pou yo li sa ki ekri la a, lèfini pou yo fè m konnen sa li vle di. Men yo pat kapab. Kounyeya, mwen tande ou ka bay esplikasyon pou tout bagay moun pa konprann, ou jwenn solisyon pou tout poblèm. Si ou ka li sa ki ekri la a, si ou fè m konnen sa li vle di, m'ap mete gwo manto wouj la sou ou, m'ap pase yon chenn an lò nan kou ou. Lèfini, m'ap ba ou twazyèm plas apre m nan gouvènman m lan. Danyèl reponn wa a: — Ou mèt kenbe kado ou yo pou ou, osinon bay lòt moun yo. Men tout jan, monwa, m'ap li sa ki ekri a pou ou, lèfini m'ap fè ou konnen sa li vle di.
Li Danyèl 5
Koute Danyèl 5
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Danyèl 5:13-17
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo