Danyèl 3

3
Nebikadneza mande tout moun adore estati lò a
1Wa Nebikadneza te fè fè yon gwo estati lò. Estati a te gen katrevenndis pye wotè ak nèf pye lajè. Li fè yo mete l kanpe nan mitan plenn Doura a, nan pwovens Babilòn lan. 2Lèfini, wa a bay lòd pou tout otorite yo: prefè, kòmandan, gouvènè, komisè, prepoze, jij, majistra ansanm ak tout lòt chèf pwovens yo, reyini pou y'a l nan premye seremoni y'ap fè pou mete estati lò wa a te fè fè a an sèvis. 3Se konsa, tout otorite yo te reyini pou gwo fèt premye seremoni an. Yo te kanpe devan estati wa a te fè fè a. 4Yonn nan moun ki te konn fè piblikasyon yo pran pale byen fò, li di:
— Nou menm moun tout nasyon, moun tout ras ki pale tout kalite lang, men lòd yo ban nou. 5Talè konsa nou pral tande yo kònen twonpèt. Apre sa, yo pral jwe fif, bandjo, gita. Lèfini, yo pral jwe tout lòt enstriman mizik yo ansanm. Lè mizik la konmanse, se pou nou mete ajenou devan estati lò wa Nebikadneza te fè fè a. Se pou nou adore l. 6Tout #Jer 29.22; Rev 13.15 moun ki refize mete ajenou devan estati a pou adore l, y'ap pran l al lage tou vivan anndan yon gwo fou tou limen.
7Se konsa, tande moun yo tande twonpèt la ak tout lòt enstriman yo, yo tonbe ajenou devan estati lò wa Nebikadneza te fè fè a, yo adore l. Te gen moun tout nasyon ki sòti nan tout ras, epi ki pale tout kalite lang.
Yo denonse twa zanmi Danyèl yo
8Lè sa a, gen kèk moun lavil Babilòn ki pwofite al denonse jwif yo. 9Yo #Da 2.4 di wa Nebikadneza konsa:
— Se pou wa a viv pou tout tan! 10Monwa, ou fè pibliye yon lòd ki mande pou tout moun mete ajenou, pou yo adore estati lò a, lè y'a tande twonpèt ak tout lòt enstriman mizik yo ap jwe. 11Si yon moun pa mete ajenou pou adore estati a, se pou yo lage l tout vivan nan gwo fou tou limen an. 12Enben! #Da 1.7; 6.13 Gen twa jwif ou te mete reskonsab pwovens Babilòn lan. Se Chadrak, Mechak ak Abèdnego. Mesye sa yo pa okipe lòd ou bay la, monwa. Yo pa adore bondye ou la. Yo pa mete ajenou devan estati lò ou te fè fè a.
13Lè Nebikadneza tande sa, li move anpil, li fè gwo kòlè, li bay lòd pou yo mennen Chadrak, Mechak ak Abèdnego ba li. Lamenm, yo mennen twa mesye yo devan wa a. 14Wa a di yo konsa:
— Chadrak, Mechak ak Abèdnego, eske se vre nou derefize adore bondye mwen yo, nou derefize mete ajenou devan estati lò mwen te fè fè a? 15Bon, #Egz 5.2; 2 Wa 18.35; Da 6.20 kounyeya, tande n'a tande twonpèt yo ak lòt enstriman mizik yo ap jwe, se pou nou mete ajenou pou n adore estati mwen fè fè a. Si nou pa fè sa, y'ap jete nou nan gwo fou tou limen an. Pa gen bondye ki pou delivre nou anba men m.
16Chadrak, Mechak ak Abèdnego reponn, yo di wa Nebikadneza konsa:
— Monwa, nou p'ap eseye defann tèt nou. 17Si #2 Kor 1.10 Bondye n'ap sèvi a ka wete nou nan gwo fou tou limen an, si li ka delivre nou tou anba men ou, l'ap fè l. 18Men, #Tra 5.29 menm si li pa vin delivre nou, monwa, nou tou di ou nou p'ap adore bondye pa ou yo, ni nou p'ap mete ajenou devan estati lò ou te fè fè a.
Wa a kondannen mesye yo
19Lè wa Nebikadneza tande pawòl sa yo, li fè yon sèl kòlè, li move sou Chadrak, Mechak ak Abèdnego. Li bay lòd pou yo chofe fou a sèt fwa plis pase jan yo te konn fè l la. 20Lèfini, li mande pou kèk sòlda ki pi grannèg nan lame li a vin mare Chadrak, Mechak ak Abèdnego byen mare, apre sa pou lage yo jete nan gwo fou tou limen an. 21Se konsa yo pran mesye yo, yo mare yo byen mare, yo jete yo nan gwo fou tou limen an ak tout rad sou yo, soulye nan pye yo ak gwo mouchwa mare tèt yo. 22Lòd wa a te bay la te sevè, kifè yo te chofe fou a anpil anpil. Se konsa flanm dife ki t'ap sòti nan fwa a boule gad ki t'ap jete mesye yo nan dife a. Yo mouri. 23Twa #1 Pyè 4.12 mesye yo menm, Chadrak, Mechak ak Abèdnego, tonbe tou mare nan gwo fou tou limen an.
24Apre sa, wa Nebikadneza rete konsa li leve voup, tankou yon moun ki sezi. Li mande moun ki te avè l yo:
— Eske se pat twa moun tou mare nou te lage nan gwo fou tou limen an?
Yo reponn li:
— Se sa wi, monwa!
25Wa a #Jòb 1.6; Eza 43.2; Da 6.23 di yo ankò:
— Ki jan fè se kat moun mwen wè k'ap mache nan dife a? Yo yonn pa mare. Dife a pa fè yo anyen. Katriyèm moun lan menm sanble yon pitit bondye yo.
Wa a lage mesye yo
26Wa #Da 4.2; 5.18,21 Nebikadneza pwoche bò pòt gwo fou a epi li rele:
— Chadrak! Mechak! Abèdnego! Sèvitè Bondye ki nan syèl la! Sòti vin jwenn mwen!
Epi mesye yo mache sòti nan dife a. 27Tout #Eb 11.34 gwo zotobre yo: prefè, kòmandan, gouvènè ansanm ak tout lòt chèf yo sanble pou yo wè twa mesye yo. Dife a pat fè kò yo anyen. Yon branch cheve nan tèt yo pat boule, rad sou yo pa te menm flambe. Pat gen okenn lafimen sou yo. 28Wa a #Egz 20.3; Sòm 25.2; 34.7; Da 6.22 di konsa:
— Lwanj pou Bondye Chadrak, Mechak ak Abèdnego a! Li voye zanj li delivre sèvitè l yo ki te mete konfyans yo nan li. Yo te derefize obeyi lòd mwen. Yo te pito mouri pase pou yo ta mete ajenou pou adore yon bondye ki pa bondye pa yo a. 29Kounyeya, men #Da 2.5 lòd mwen bay pou tout pèp, moun tout peyi ak moun tout ras ki pale lòt lang yo: si yonn nan nou pale Bondye Chadrak, Mechak ak Abèdnego a mal, se pou yo depatcha l. Lèfini, se pou yo kraze kay li nèt mete atè. Paske pa gen lòt bondye ki ka delivre moun konsa.
30Wa a moute Chadrak, Mechak ak Abèdnego grad nan pwovens Babilòn lan.

Chwazi Kounye ya:

Danyèl 3: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an