Danyèl te pran desizyon nan kè l pou l pat manyen ni manje ni diven yo sèvi nan palè wa a pou l te ka toujou nan kondisyon pou l sèvi Bondye l. Se konsa, l'al jwenn kòmandan nèg konfyans wa a, li mande l pèmisyon pou l pa blije manje manje sa yo. Bondye fè Achpenaz, kòmandan nèg konfyans wa a, te renmen Danyèl, san l te ale avè l. Men, Achpenaz di Danyèl konsa: — Mwen pè wa a, mèt mwen an. Se wa a menm ki deside sa pou n manje ak sa pou n bwè. Si nou pa anfòm tankou lòt jenn gason menm laj avè nou yo, nou ka lakòz wa a touye m. Lè sa a, Danyèl al jwenn gad kòmandan an te mete reskonsab li ansanm ak Ananya, Michayèl ak Azarya. Li di l: — Pandan dis jou ban nou legim ase pou n manje ak dlo pou nou bwè. Apre sa, w'a wè ki jan nou ye devan lòt jenn gason yo k'ap manje manje wa a. Lè sa a, w'a fè sa ou vle avè nou, dapre sa w'a wè. Gad la dakò pou l ba yo yon chans pandan dis jou. Apre dis jou yo, figi ti mesye yo te pi fre, yo te pi anfòm pase jenn gason ki te manje manje wa a. Depi lè sa a, gad la pat ba yo manje ak diven wa a te bay pou yo a, li ba yo legim pito. Bondye bay kat jenn gason sa yo konesans, lespri ak bon konprann pou yo te ka li tout kalite liv. Lèfini, li bay Danyèl don pou l te konprann sans tout kalite vizyon ak tout kalite rèv.
Li Danyèl 1
Koute Danyèl 1
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Danyèl 1:8-17
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo