Danyèl te pran desizyon nan kè l pou l pat manyen ni manje ni diven yo sèvi nan palè wa a pou l te ka toujou nan kondisyon pou l sèvi Bondye l. Se konsa, l'al jwenn kòmandan nèg konfyans wa a, li mande l pèmisyon pou l pa blije manje manje sa yo. Bondye fè Achpenaz, kòmandan nèg konfyans wa a, te renmen Danyèl, san l te ale avè l. Men, Achpenaz di Danyèl konsa: — Mwen pè wa a, mèt mwen an. Se wa a menm ki deside sa pou n manje ak sa pou n bwè. Si nou pa anfòm tankou lòt jenn gason menm laj avè nou yo, nou ka lakòz wa a touye m. Lè sa a, Danyèl al jwenn gad kòmandan an te mete reskonsab li ansanm ak Ananya, Michayèl ak Azarya. Li di l: — Pandan dis jou ban nou legim ase pou n manje ak dlo pou nou bwè. Apre sa, w'a wè ki jan nou ye devan lòt jenn gason yo k'ap manje manje wa a. Lè sa a, w'a fè sa ou vle avè nou, dapre sa w'a wè.
Li Danyèl 1
Koute Danyèl 1
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Danyèl 1:8-13
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo