Danyèl 1:1-8

Danyèl 1:1-8 HAT98

Nan twazyèm lanne reny Jojakim, wa peyi Jida a, Nebikadneza, wa lavil Babilòn, vin atake lavil Jerizalèm. Li sènen l toupatou. Senyè a kite l mete men sou wa Jojakim ak bonkou nan bagay yo te mete apa pou fè sèvis Bondye nan Tanp lan. Nebikadneza mennen kèk prizonye avè l nan tanp bondye pa l yo lavil Babilòn. Lèfini li mete bagay li te pran yo nan depo tanp bondye pa l yo. Wa a te bay Achpenaz, kòmandan nèg konfyans li yo, lòd pou l te chwazi nan moun pèp Izrayèl yo te depòte yo kèk jenn gason ki sòti nan fanmi wa a, osinon nan fanmi grannèg yo. Se pou jenn mesye sa yo bèl gason san okenn enfimite. Se pou yo gen bon konprann, bon levasyon ak anpil konesans pou yo ka sèvi nan palè wa a. Achpenaz te gen pou l te moutre yo jan pou yo li, jan pou yo ekri lang moun Babilòn yo. Wa a te bay lòd pou chak jou yo te pran nan manje ak nan diven yo sèvi sou tab wa a pou ba yo. Se pou yo pase twazan konsa. Apre sa, y'a parèt devan wa a pou sèvis li. Nan jenn gason yo te chwazi yo te gen kat ki te sòti nan branch fanmi Jida: se te Danyèl, Ananya, Michayèl ak Azarya. Kòmandan nèg konfyans wa yo te chanje non ti mesye yo. Li te rele Danyèl Bèltechaza, Ananya Chadrak, Michayèl Mechak, Azarya Abèdnego. Danyèl te pran desizyon nan kè l pou l pat manyen ni manje ni diven yo sèvi nan palè wa a pou l te ka toujou nan kondisyon pou l sèvi Bondye l. Se konsa, l'al jwenn kòmandan nèg konfyans wa a, li mande l pèmisyon pou l pa blije manje manje sa yo.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an