Amòs 7:1-17

Amòs 7:1-17 HAT98

Se konsa Senyè a, Bondye a, fè m fè yon vizyon. Nan vizyon an mwen wè Senyè a t'ap fè yon rafal krikèt vèt. Se te nan epòk yo te fin koupe pòsyon pa wa a nan jaden yo. Chouk plant yo te fenk ap boujonnen ankò. Lè krikèt vèt yo te fin manje plant ki te nan peyi a, mwen di: — Tanpri, Senyè, Bondye, padonnen pèp ou a. Ki jan pou pitit pitit Jakòb yo fè kanpe ankò? Yo tou fèb. Senyè a chanje lide. Li di: — Sa ou te wè a p'ap rive ankò. Se konsa, Senyè a, Bondye a, fè m fè yon lòt vizyon. Nan vizyon an, mwen wè Senyè a t'ap voye yon dife pou l devore pèp la pou pini l. Dife a te fin boule gwo lanmè ki anba tè a, li t'ap devore tout jaden. Mwen di: — Tanpri, Senyè, Bondye, pa fè sa. Ki jan pou pitit pitit Jakòb yo fè kanpe ankò? Yo tou fèb. Senyè a chanje lide, li di: — Sa a tou p'ap rive. Se konsa, Senyè a fè m fè yon lòt vizyon ankò. Nan vizyon an, mwen wè Senyè a te kanpe bò yon miray yo te moute tou dwat. Li te gen yon filaplon nan men l. Lè sa a, Senyè a mande m: — Kisa ou wè la a, Amòs? Mwen reponn li: — Yon filaplon. Lè sa a, li di m: — M'ap sèvi ak filaplon sa a pou m fè pèp la konnen li tankou yon miray ki panche prèt pou tonbe. Mwen p'ap fè pa yo ankò. Mwen pral kraze tout kote pitit pitit Izarak yo te konn adore m sou mòn yo. Mwen pral fè tout kay pitit pitit Izrayèl yo te mete apa pou mwen yo tounen mazi. M'ap fè lagè ak fanmi Jewoboram lan, m'ap wete gouvènman an nan men yo. Amatsya, prèt nan lavil Betèl la, voye di Jewoboram, wa Izrayèl la: — Men Amòs ap moute konplo sou do ou nan mitan pèp Izrayèl la. Li sòti pou l fini ak peyi a ak pawòl l'ap di yo. Men sa l'ap mache di: Jewoboram gen pou l mouri nan lagè. Y'ap pran moun Izrayèl yo lakay yo, y'ap depòte yo byen lwen nan peyi etranje. Apre sa, Amatsya pale ak Amòs, li di l konsa: — Divinò, al fè wout ou. Ale vit nan peyi Jida a! Al bay mesay ou yo laba. Y'a peye ou pou sa! Men isit la, lavil Betèl, pito ou sispann bay mesay ou yo si ou konn bout! Paske, se isit la wa a vin adore. Se yon tanp nasyonal pou tout peyi a. Amòs reponn Amatsya: — Monchè, pwofèt pa metye m. Nitou, mwen pa fè pati sosyete moun k'ap fè metye pwofèt. Metye m se gade bèt, se okipe pye sikomò. Men, Senyè a pran m nan pye travay mwen, dèyè bèt mwen yo, li ban m lòd pou m al fè pèp Izrayèl la konnen mesay li voye ba yo. Kounyeya menm, koute pawòl Senyè a voye di ou: Ou menm w'ap mande m pou m pa bay okenn mesay sou pèp Izrayèl la, pou m sispann pale sou pitit Izarak yo. Poutèt sa, Amatsya, men sa Senyè a di: Madanm ou ap tounen jennès nan lavil la! Pitit gason ou yo ak pitit fi ou yo ap mouri nan lagè! Y'ap pran tè ou yo, y'ap separe yo moso pa moso. Ou menm, ou gen pou ou mouri nan yon peyi etranje kote yo pa sèvi Senyè a. Pèp Izrayèl la menm, y'ap pran l, y'ap depòte l byen lwen peyi l.