Travay 9:7-19

Travay 9:7-19 HAT98

Moun ki t'ap vwayaje ansanm ak Sòl yo te rete san di yon mo: yo te tande vwa a byen klè, men yo pat wè pèsonn. Sòl leve atè a, li louvri je l men li pat kapab wè anyen. Yo pran men l, yo mennen l lavil Damas. Li rete la twa jou san wè, san manje, san bwè. Nan lavil Damas te gen yon disip ki te rele Ananyas. Senyè a parèt devan l nan yon vizyon, li rele li: — Ananyas. Ananyas reponn: — Men mwen, Senyè. Senyè a di li: — Leve kounyeya, ale nan Ri Dwat la lakay Jida, mande pou yon nonm yo rele Sòl, moun lavil Tas. L'ap lapriyè kote l ye a, li fè yon vizyon: li wè yon nonm yo rele Ananyas antre vin mete men sou tèt li pou l kapab wè ankò. Ananyas reponn: — Senyè, mwen tande nan bouch anpil moun kantite mechanste li fè moun pa ou yo pase lavil Jerizalèm. Epitou li vin isit la ak pouvwa pou l arete dènye moun k'ap rele non ou. Se chèf prèt yo menm ki ba l pouvwa sa a. Men, Senyè a di li: — Ale. Paske nonm sa a, mwen chwazi l pou sèvis mwen, pou l fè tout moun konnen non mwen, moun lòt nasyon yo ak tout wa yo ansanm ak pèp Izrayèl la. Mwen menm, m'a moutre l tou sa li gen pou l soufri pou mwen. Ananyas ale, li antre nan kay la, li mete men l sou tèt Sòl, li di li: — Sòl, frè mwen, Senyè Jezi voye m kote ou. Se li menm ki te parèt devan ou sou granchemen an lè ou t'ap vini an. Li voye m pou ou ka wè ankò, pou ou vin anba pouvwa Sentespri. Menm lè a, bagay tankou kal pwason sot tonbe nan je Sòl, epi l wè ankò. Sòl leve, li resevwa batèm. Apre sa, li manje epi l vin gen fòs ankò.

Plan lekti ak devosyon gratis yo ki gen rapò ak Travay 9:7-19

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an