Travay 9:7-19

Travay 9:7-19 1998 Haïtienne (HAT98)

Moun ki t'ap vwayaje ansanm ak Sòl yo te rete san di yon mo: yo te tande vwa a byen klè, men yo pat wè pèsonn. Sòl leve atè a, li louvri je l men li pat kapab wè anyen. Yo pran men l, yo mennen l lavil Damas. Li rete la twa jou san wè, san manje, san bwè. Nan lavil Damas te gen yon disip ki te rele Ananyas. Senyè a parèt devan l nan yon vizyon, li rele li: — Ananyas. Ananyas reponn: — Men mwen, Senyè. Senyè a di li: — Leve kounyeya, ale nan Ri Dwat la lakay Jida, mande pou yon nonm yo rele Sòl, moun lavil Tas. L'ap lapriyè kote l ye a, li fè yon vizyon: li wè yon nonm yo rele Ananyas antre vin mete men sou tèt li pou l kapab wè ankò. Ananyas reponn: — Senyè, mwen tande nan bouch anpil moun kantite mechanste li fè moun pa ou yo pase lavil Jerizalèm. Epitou li vin isit la ak pouvwa pou l arete dènye moun k'ap rele non ou. Se chèf prèt yo menm ki ba l pouvwa sa a. Men, Senyè a di li: — Ale. Paske nonm sa a, mwen chwazi l pou sèvis mwen, pou l fè tout moun konnen non mwen, moun lòt nasyon yo ak tout wa yo ansanm ak pèp Izrayèl la. Mwen menm, m'a moutre l tou sa li gen pou l soufri pou mwen. Ananyas ale, li antre nan kay la, li mete men l sou tèt Sòl, li di li: — Sòl, frè mwen, Senyè Jezi voye m kote ou. Se li menm ki te parèt devan ou sou granchemen an lè ou t'ap vini an. Li voye m pou ou ka wè ankò, pou ou vin anba pouvwa Sentespri. Menm lè a, bagay tankou kal pwason sot tonbe nan je Sòl, epi l wè ankò. Sòl leve, li resevwa batèm. Apre sa, li manje epi l vin gen fòs ankò.

Travay 9:7-19 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Les gens qui voyagent avec Saul se sont arrêtés. Ils n’osent pas dire un mot. Ils entendent la voix, mais ils ne voient personne. Saul se relève, il a les yeux ouverts, mais il est aveugle. On le prend par la main pour le conduire à Damas. Et pendant trois jours, il reste aveugle, il ne mange rien et il ne boit rien. À Damas, il y a un disciple appelé Ananias. Le Seigneur se montre à lui et lui dit : « Ananias ! » Ananias répond : « Oui, Seigneur, me voici ! » Le Seigneur lui dit : « Va tout de suite dans la rue Droite, entre dans la maison de Judas, et demande un certain Saul de Tarse. Il est en train de prier, et voici ce que je lui ai montré : un homme appelé Ananias est entré et il a posé les mains sur sa tête pour qu’il retrouve la vue. » Ananias répond : « Seigneur, j’ai entendu beaucoup de gens parler de cet homme. Je sais tout le mal qu’il a fait à tes disciples, à Jérusalem. Et les chefs des prêtres lui ont donné le pouvoir d’arrêter ici également tous ceux qui font appel à ton nom. » Mais le Seigneur dit à Ananias : « Va trouver cet homme. Je l’ai choisi et je vais me servir de lui. Il fera connaître mon nom aux peuples étrangers, à leurs rois et aussi au peuple d’Israël. Je lui montrerai moi-même tout ce qu’il doit souffrir à cause de mon nom. » Ananias part et arrive dans la maison. Il pose les mains sur la tête de Saul en lui disant : « Saul, mon frère, c’est le Seigneur qui m’envoie. C’est ce Jésus qui s’est montré à toi sur la route où tu marchais. Il m’envoie pour que tu retrouves la vue et que tu sois rempli de l’Esprit Saint. » À ce moment-là, des sortes d’écailles tombent des yeux de Saul, et il retrouve la vue. Il se lève et il est baptisé. Puis il mange et il reprend des forces.

Travay 9:7-19 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Mesye ki t ap vwayaje ak Sòl yo te kanpe la bouch be, poutèt yo tande vwa a, men yo pa t wè pèsonn. Apre sa, Sòl leve kanpe. Li louvri je l, men l pa wè. Konsa, mesye yo pran men li yo mennen l antre nan vil Damas. Sòl fè twa jou avèg epi li pa ni manje ni bwè anyen ditou. Te gen yon disip nan vil Damas ki te rele Ananyas. Senyè a pale ak Ananyas nan yon vizyon, li di l: “Ananyas!” Ananyas reponn: “Men mwen, Senyè.” Senyè a di Ananyas: “Leve, ale nan ri yo rele Ri dwat la, al chache kay Jida. Lakay Jida a, ou ap jwenn yon nonm yo rele Sòl, moun lavil Tas. Mesye sa a ap priye pandan m ap pale avè w la. Pandan l ap priye a, li wè yon nonm nan yon vizyon ki rele Ananyas. Nonm nan antre, li mete men l yo sou li epi li wè ankò.” Ananyas reponn: “Senyè, m tande deja nan bouch anpil moun kijan nonm sa a fè anpil mal kont pèp ki apa pou ou a nan Jerizalèm. Epi l vin isit la nan Damas avèk otorite gran prèt yo ba li pou l mare nenpòt moun ki di l se disip ou.” Men, Senyè a di Ananyas: “Al fè sa m di w la, paske nonm sa a se yon enstriman mwen chwazi pou rann temwanyaj pou mwen devan payen yo, devan wa yo ak tout pèp Izrayèl la. Paske mwen menm, m ap montre li kijan li dwe soufri poutèt non mwen.” Ananyas ale, li antre nan kay la, li mete men l sou Sòl, epi li di: “Sòl, frè mwen, Senyè a voye m pou ou kapab wè ankò epi pou ou ka ranpli ak Sentespri a. M ap pale de Jezikris, sila a ki te parèt devan w sou wout ou te pran pou mennen w isit la.” Menm kote a, yon bagay soti nan je Sòl tankou yon kal pwason, epi Sòl wè ankò. Apre sa, Sòl leve epi li fè yo batize li. Apre te fin manje, li vin gen fòs ankò.

Travay 9:7-19 New International Version (NIV)

The men traveling with Saul stood there speechless; they heard the sound but did not see anyone. Saul got up from the ground, but when he opened his eyes he could see nothing. So they led him by the hand into Damascus. For three days he was blind, and did not eat or drink anything. In Damascus there was a disciple named Ananias. The Lord called to him in a vision, “Ananias!” “Yes, Lord,” he answered. The Lord told him, “Go to the house of Judas on Straight Street and ask for a man from Tarsus named Saul, for he is praying. In a vision he has seen a man named Ananias come and place his hands on him to restore his sight.” “Lord,” Ananias answered, “I have heard many reports about this man and all the harm he has done to your holy people in Jerusalem. And he has come here with authority from the chief priests to arrest all who call on your name.” But the Lord said to Ananias, “Go! This man is my chosen instrument to proclaim my name to the Gentiles and their kings and to the people of Israel. I will show him how much he must suffer for my name.” Then Ananias went to the house and entered it. Placing his hands on Saul, he said, “Brother Saul, the Lord—Jesus, who appeared to you on the road as you were coming here—has sent me so that you may see again and be filled with the Holy Spirit.” Immediately, something like scales fell from Saul’s eyes, and he could see again. He got up and was baptized, and after taking some food, he regained his strength.

Travay 9:7-19 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Ses compagnons de voyage restèrent figés sur place, muets de stupeur : ils entendaient bien la voix, mais ne voyaient personne. Saul se releva de terre, mais il avait beau ouvrir les yeux, il ne voyait plus. Il fallut le prendre par la main pour le conduire à Damas. Il resta aveugle pendant trois jours, et ne mangea ni ne but. Or, à Damas, vivait un disciple nommé Ananias. Le Seigneur lui apparut dans une vision et lui dit : Ananias ! – Oui, Seigneur, répondit-il. Et le Seigneur lui dit : Lève-toi, et va dans la rue que l’on appelle la rue Droite et, dans la maison de Judas, demande à voir un nommé Saul, originaire de Tarse. Car il prie et, dans une vision, il a vu un homme du nom d’Ananias entrer dans la maison et lui imposer les mains pour lui rendre la vue. – Mais Seigneur, répliqua Ananias, j’ai beaucoup entendu parler de cet homme ; de plusieurs côtés, on m’a dit tout le mal qu’il a fait aux membres de ton peuple saint à Jérusalem. De plus, il est venu ici muni de pouvoirs, que lui ont accordés les chefs des prêtres, pour arrêter tous ceux qui te prient. Mais le Seigneur lui dit : Va ! car j’ai choisi cet homme pour me servir : il fera connaître qui je suis aux peuples étrangers et à leurs rois, ainsi qu’aux Israélites. Je lui montrerai moi-même tout ce qu’il devra souffrir pour moi. Ananias partit donc et, arrivé dans la maison, il imposa les mains à Saul et lui dit : Saul, mon frère, le Seigneur Jésus qui t’est apparu sur le chemin par lequel tu venais, m’a envoyé pour que la vue te soit rendue et que tu sois rempli du Saint-Esprit. Au même instant, ce fut comme si des écailles tombaient des yeux de Saul et il vit de nouveau. Alors il se leva et fut baptisé, puis il mangea et reprit des forces.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an