Travay 8:9-24

Travay 8:9-24 HAT98

Nan lavil sa a, te gen yon nonm yo rele Simon. Metye li se te majisyen. Simon sa a te konn ap fè moun Samari rete bouch be ak mèvèy li t'ap fè. Konsa li te fè tèt li pase pou yon nèg enpòtan. Tout moun, ni gran ni piti, yo tout te kwè nan sa l'ap fè. Yo t'ap di: — Nonm sa a gen yon pisans Bondye sou li, se gwo pisans lan nèt! Moun yo te fanatik li paske depi lontan li t'ap fè yo rete bouch be devan maji li t'ap fè. Men, lè Filip anonse bòn nouvèl peyi kote Bondye wa a, lè l fè yo konnen non Jezi Kris la, moun yo kwè pawòl la. Fanm kou gason resevwa batèm. Ata Simon te kwè. Li menm tou li te resevwa batèm. Apre sa, li te toujou avèk Filip, li te sezi wè bèl bagay ak mirak li t'ap fè. Apòt yo menm ki te lavil Jerizalèm, lè yo tande moun Samari te asepte pawòl Bondye a, yo voye Pyè ak Jan bò kote yo. Lè Pyè ak Jan rive Samari, yo lapriyè pou moun ki kwè yo pou yo te kapab resevwa Sentespri, paske Sentespri a pat ankò desann sou okenn nan yo. Yo te resevwa batèm nan non Senyè Jezi a sèlman. Lè sa a, Pyè ak Jan mete men sou tèt yo, yo resevwa Sentespri. Simon te wè jan moun yo te resevwa Sentespri lè apòt yo mete men sou tèt yo. Li ofri Pyè ak Jan lajan. Li di yo: — Ban m pouvwa sa a tou, pou lè m mete men m sou tèt yon moun li ka resevwa Sentespri a tou. Men, Pyè di li: — Al mouri ansanm ak tout lajan ou lan! Sa Bondye fè kado, ou kwè moun ka achte sa ak lajan? Nan travay sa a, pa gen anyen pou ou. Ou pa gendwa ladan l paske kè ou pa dwat devan Bondye. Wete move lide sa a nan tèt ou, lapriyè Bondye pou ou wè si la padonnen ou dèske ou te fè lide sa a. Paske mwen wè ou gen yon peche kòryas sou ou, peche a fin antòtiye nanm ou nèt. Lè sa a, Simon di Pyè ak Jan konsa: — Tanpri souple, lapriyè Bondye pou mwen, pou anyen nan sa nou di a pa rive mwen.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an