Travay 8:9-24

Travay 8:9-24 1998 Haïtienne (HAT98)

Nan lavil sa a, te gen yon nonm yo rele Simon. Metye li se te majisyen. Simon sa a te konn ap fè moun Samari rete bouch be ak mèvèy li t'ap fè. Konsa li te fè tèt li pase pou yon nèg enpòtan. Tout moun, ni gran ni piti, yo tout te kwè nan sa l'ap fè. Yo t'ap di: — Nonm sa a gen yon pisans Bondye sou li, se gwo pisans lan nèt! Moun yo te fanatik li paske depi lontan li t'ap fè yo rete bouch be devan maji li t'ap fè. Men, lè Filip anonse bòn nouvèl peyi kote Bondye wa a, lè l fè yo konnen non Jezi Kris la, moun yo kwè pawòl la. Fanm kou gason resevwa batèm. Ata Simon te kwè. Li menm tou li te resevwa batèm. Apre sa, li te toujou avèk Filip, li te sezi wè bèl bagay ak mirak li t'ap fè. Apòt yo menm ki te lavil Jerizalèm, lè yo tande moun Samari te asepte pawòl Bondye a, yo voye Pyè ak Jan bò kote yo. Lè Pyè ak Jan rive Samari, yo lapriyè pou moun ki kwè yo pou yo te kapab resevwa Sentespri, paske Sentespri a pat ankò desann sou okenn nan yo. Yo te resevwa batèm nan non Senyè Jezi a sèlman. Lè sa a, Pyè ak Jan mete men sou tèt yo, yo resevwa Sentespri. Simon te wè jan moun yo te resevwa Sentespri lè apòt yo mete men sou tèt yo. Li ofri Pyè ak Jan lajan. Li di yo: — Ban m pouvwa sa a tou, pou lè m mete men m sou tèt yon moun li ka resevwa Sentespri a tou. Men, Pyè di li: — Al mouri ansanm ak tout lajan ou lan! Sa Bondye fè kado, ou kwè moun ka achte sa ak lajan? Nan travay sa a, pa gen anyen pou ou. Ou pa gendwa ladan l paske kè ou pa dwat devan Bondye. Wete move lide sa a nan tèt ou, lapriyè Bondye pou ou wè si la padonnen ou dèske ou te fè lide sa a. Paske mwen wè ou gen yon peche kòryas sou ou, peche a fin antòtiye nanm ou nèt. Lè sa a, Simon di Pyè ak Jan konsa: — Tanpri souple, lapriyè Bondye pou mwen, pou anyen nan sa nou di a pa rive mwen.

Travay 8:9-24 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Un homme appelé Simon habite dans cette ville depuis un certain temps. Il pratique la magie et il étonne beaucoup les gens de Samarie. Il dit qu’il est quelqu’un d’important, et tous, les plus jeunes comme les plus vieux, l’écoutent avec attention. On dit : « Cet homme, c’est la puissance de Dieu, celle qu’on appelle la “Grande Puissance” ! » Depuis longtemps, Simon étonne beaucoup les gens avec sa magie, c’est pourquoi ils l’écoutent avec attention. Mais maintenant, Philippe leur annonce la Bonne Nouvelle de Jésus-Christ et du Royaume de Dieu. Tous ceux qui le croient, des hommes et des femmes, se font baptiser. Même Simon devient croyant, il se fait baptiser et il ne quitte plus Philippe. En voyant les miracles et les choses extraordinaires qui arrivent, c’est lui qui est très étonné ! À Jérusalem, les apôtres apprennent que les gens de Samarie ont reçu la parole de Dieu, ils leur envoient donc Pierre et Jean. Quand les deux apôtres arrivent en Samarie, ils prient pour que les croyants reçoivent l’Esprit Saint. En effet, l’Esprit Saint n’est encore descendu sur personne parmi eux. Ils ont seulement été baptisés au nom du Seigneur Jésus. Alors Pierre et Jean posent les mains sur leur tête, et ils reçoivent l’Esprit Saint. Simon voit que les croyants reçoivent l’Esprit Saint quand les apôtres posent les mains sur leur tête. C’est pourquoi il offre de l’argent à Pierre et à Jean en leur disant : « Donnez-moi ce pouvoir, à moi aussi. De cette façon, quand je poserai les mains sur la tête de quelqu’un, cette personne recevra l’Esprit Saint. » Mais Pierre lui répond : « Que ton argent soit détruit, et toi aussi ! Tu as cru que tu pouvais acheter avec de l’argent ce que Dieu donne gratuitement. Ce qui se passe ici n’est pas pour toi, tu n’as pas le droit d’y participer ! En effet, pour Dieu, ton intention est mauvaise. Ce que tu as fait est mal, reconnais cela et prie le Seigneur. Il va peut-être pardonner ces mauvaises pensées. Oui, je le vois, tu es rempli d’envie et prisonnier du péché ! » Simon répond à Pierre et à Jean : « Priez vous-mêmes le Seigneur pour moi, alors rien de ce que vous avez dit ne pourra m’arriver. »

Travay 8:9-24 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Te gen yon nonm nan vil Samari yo te rele Simon. Se Simon sa a ki te sèl kòk chante, anvan Filip te vin nan zòn nan. Li te konn ap fè anpil maji ki te konn fè moun Samari yo sezi. Li te menm konn ap bat lestomak li pou di li se yon moun ki pa kanmarad lòt moun. Tout moun, ti malere tankou gwo chabrak yo, te kwè nan sa l ta p fè yo, yo t ap di: “Nonm sa a gen pouvwa Bondye sou li, sa yo rele gwo pouvwa a.” Simon te tèlman gen lontan depi l ap fè maji devan je pèp la, yo te sezi wè sa l t ap fè yo epi yo te vin fanatik li. Men, Filip te pwofite preche Bòn Nouvèl wayòm Bondye a epi li t ap rakonte yo bagay ki konsène Jezikris, la devan pèp la. Gason tankou fi te kwè mesaj Filip te preche a epi yo te resevwa batèm. Simon li menm te kwè tou. Apre l fin batize, li te rete ansanm ak Filip tout kote Filip pase. Lè Simon te wè tout bèl bagay ak gwo mirak Filip t ap fè yo, li te sezi. Apot yo nan Jerizalèm te aprann moun Samari yo te aksepte Bòn Nouvèl la. Konsa, yo voye Pyè ak Jan al vizite yo. Lè Pyè ak Jan rive Samari, yo priye pou kwayan yo kapab resevwa Sentespri a. Paske moun sa yo nan Samari te resevwa batèm nan non Senyè Jezi, men yo pa t ko resevwa Sentespri a. Lè Pyè ak Jan fin priye pou yo epi mete men sou tèt yo, yo resevwa Sentespri a. Lè Simon wè Sentespri a desann sou kwayan yo lè apot yo mete men sou tèt yo, li ofri apot yo lajan. Li di yo: “Ban m kalite pouvwa sa a pou lè m mete men m sou yon moun, li ka resevwa Sentespri a tou.” Men, Pyè di li: “Ou pral peri ak tout lajan w lan, poutèt ou panse ou kapab achte kado Bondye bay la ak lajan. Ou pa gen anyen pou wè nan travay sa a k ap fèt la, paske kè w pa dwat devan Bondye. Chanje lide w sou bagay konsa. Priye Senyè a pou wè si l ta padone w dèske ou te gen vye lide kon sa nan kè w. Paske m wè jalouzi fè kè w anmè kou fyèl, epi tou mechanste fin tounen yon pati nan lavi w.” Simon reponn: “Tanpri, m ta vle nou toulède priye Senyè a pou mwen pou anyen nan sa nou sot di yo pa rive m.”

Travay 8:9-24 New International Version (NIV)

Now for some time a man named Simon had practiced sorcery in the city and amazed all the people of Samaria. He boasted that he was someone great, and all the people, both high and low, gave him their attention and exclaimed, “This man is rightly called the Great Power of God.” They followed him because he had amazed them for a long time with his sorcery. But when they believed Philip as he proclaimed the good news of the kingdom of God and the name of Jesus Christ, they were baptized, both men and women. Simon himself believed and was baptized. And he followed Philip everywhere, astonished by the great signs and miracles he saw. When the apostles in Jerusalem heard that Samaria had accepted the word of God, they sent Peter and John to Samaria. When they arrived, they prayed for the new believers there that they might receive the Holy Spirit, because the Holy Spirit had not yet come on any of them; they had simply been baptized in the name of the Lord Jesus. Then Peter and John placed their hands on them, and they received the Holy Spirit. When Simon saw that the Spirit was given at the laying on of the apostles’ hands, he offered them money and said, “Give me also this ability so that everyone on whom I lay my hands may receive the Holy Spirit.” Peter answered: “May your money perish with you, because you thought you could buy the gift of God with money! You have no part or share in this ministry, because your heart is not right before God. Repent of this wickedness and pray to the Lord in the hope that he may forgive you for having such a thought in your heart. For I see that you are full of bitterness and captive to sin.” Then Simon answered, “Pray to the Lord for me so that nothing you have said may happen to me.”

Travay 8:9-24 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Or, depuis quelque temps, un homme nommé Simon s’était établi dans la ville et y exerçait la magie. Il émerveillait le peuple de Samarie et prétendait être un grand personnage. Toute la population, du plus petit jusqu’au plus grand, lui accordait donc une grande attention. – Cet homme, disaient-ils, est la puissance même de Dieu, celle qu’on appelle la « Grande Puissance ». S’ils s’attachaient ainsi à lui, c’était parce que, depuis assez longtemps, il les étonnait par ses actes de magie. Mais quand ils crurent Philippe qui leur annonçait ce qui concerne le royaume de Dieu et Jésus-Christ, ils se firent baptiser, tant les hommes que les femmes. Simon lui-même crut et fut baptisé. Dès lors, il ne quittait plus Philippe, émerveillé par les signes miraculeux et les prodiges extraordinaires qui s’accomplissaient sous ses yeux. Quand les apôtres, restés à Jérusalem, apprirent que les Samaritains avaient accepté la Parole de Dieu, ils déléguèrent auprès d’eux Pierre et Jean. Dès leur arrivée, ceux-ci prièrent pour les nouveaux disciples afin qu’ils reçoivent le Saint-Esprit. En effet, il n’était encore descendu sur aucun d’eux : ils avaient seulement été baptisés au nom du Seigneur Jésus. Pierre et Jean leur imposèrent donc les mains et ils reçurent l’Esprit Saint. Simon vit que l’Esprit Saint était donné aux croyants quand les apôtres leur imposaient les mains. Alors il leur proposa de l’argent et leur dit : Donnez-moi aussi ce pouvoir pour que ceux à qui j’imposerai les mains reçoivent l’Esprit Saint. Mais Pierre lui répondit : Que ton argent périsse, et toi avec lui, puisque tu t’es imaginé qu’on pouvait se procurer le don de Dieu avec de l’argent ! Tu n’as ni part ni droit dans cette affaire, car ton cœur n’est pas droit devant Dieu. Détourne-toi donc du mal qui est en toi, et demande au Seigneur de te pardonner, s’il est possible, d’avoir eu de telles intentions dans ton cœur. Car, à ce que je vois, tu es rempli d’amertume et de méchanceté et tu es captif du mal. Alors Simon demanda à Pierre et Jean : Priez vous-mêmes le Seigneur pour moi : qu’il ne m’arrive rien de ce que vous avez dit.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an