Se konsa Filip al nan yon lavil peyi Samari. Rive la, li tanmen pale sou Kris la bay moun yo. Tout popilasyon an rete atantif, y'ap koute sa Filip t'ap di yo. Yo te wè mirak li t'ap fè. Move lespri yo t'ap pouse gwo rèl lè Filip t'ap chase yo sòti sou anpil moun malad. Li te geri anpil moun paralize ak moun enfim tou. Se konsa te gen yon gwo kontantman nan tout lavil la. Nan lavil sa a, te gen yon nonm yo rele Simon. Metye li se te majisyen. Simon sa a te konn ap fè moun Samari rete bouch be ak mèvèy li t'ap fè. Konsa li te fè tèt li pase pou yon nèg enpòtan. Tout moun, ni gran ni piti, yo tout te kwè nan sa l'ap fè. Yo t'ap di: — Nonm sa a gen yon pisans Bondye sou li, se gwo pisans lan nèt! Moun yo te fanatik li paske depi lontan li t'ap fè yo rete bouch be devan maji li t'ap fè. Men, lè Filip anonse bòn nouvèl peyi kote Bondye wa a, lè l fè yo konnen non Jezi Kris la, moun yo kwè pawòl la. Fanm kou gason resevwa batèm. Ata Simon te kwè. Li menm tou li te resevwa batèm. Apre sa, li te toujou avèk Filip, li te sezi wè bèl bagay ak mirak li t'ap fè. Apòt yo menm ki te lavil Jerizalèm, lè yo tande moun Samari te asepte pawòl Bondye a, yo voye Pyè ak Jan bò kote yo.
Li Travay 8
Koute Travay 8
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Travay 8:5-14
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo