Travay 8:5-14

Travay 8:5-14 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Filip desann nan vil Samari epi li tonbe preche moun nan vil la mesaj Kris la. Foul moun yo nan Samari te koute tout sa Filip t ap di avèk anpil atansyon. Non sèlman yo te tande li, men yo te wè mirak li t ap fè yo tou. Anpil nan moun sa yo ki te gen move lespri sou yo te geri. Move lespri yo te pouse gwo rèl, apre sa yo soti sou moun yo. Anpil moun ki te paralize ak estwopye te geri tou. Lè sa a, moun nan vil la te kontan anpil anpil. Te gen yon nonm nan vil Samari yo te rele Simon. Se Simon sa a ki te sèl kòk chante, anvan Filip te vin nan zòn nan. Li te konn ap fè anpil maji ki te konn fè moun Samari yo sezi. Li te menm konn ap bat lestomak li pou di li se yon moun ki pa kanmarad lòt moun. Tout moun, ti malere tankou gwo chabrak yo, te kwè nan sa l ta p fè yo, yo t ap di: “Nonm sa a gen pouvwa Bondye sou li, sa yo rele gwo pouvwa a.” Simon te tèlman gen lontan depi l ap fè maji devan je pèp la, yo te sezi wè sa l t ap fè yo epi yo te vin fanatik li. Men, Filip te pwofite preche Bòn Nouvèl wayòm Bondye a epi li t ap rakonte yo bagay ki konsène Jezikris, la devan pèp la. Gason tankou fi te kwè mesaj Filip te preche a epi yo te resevwa batèm. Simon li menm te kwè tou. Apre l fin batize, li te rete ansanm ak Filip tout kote Filip pase. Lè Simon te wè tout bèl bagay ak gwo mirak Filip t ap fè yo, li te sezi. Apot yo nan Jerizalèm te aprann moun Samari yo te aksepte Bòn Nouvèl la. Konsa, yo voye Pyè ak Jan al vizite yo.

Travay 8:5-14 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Philippe se rendit dans la capitale de la Samarie et prêcha le Messie à la population. Elle se montra tout entière très attentive à ses paroles en l’entendant et en voyant les signes miraculeux qu’il accomplissait. En effet, beaucoup de personnes qui avaient des démons en elles en furent délivrées ; ils sortaient d’elles en poussant de grands cris, et de nombreux paralysés et des infirmes furent guéris. Aussi, toute la ville était-elle dans une grande joie. Or, depuis quelque temps, un homme nommé Simon s’était établi dans la ville et y exerçait la magie. Il émerveillait le peuple de Samarie et prétendait être un grand personnage. Toute la population, du plus petit jusqu’au plus grand, lui accordait donc une grande attention. – Cet homme, disaient-ils, est la puissance même de Dieu, celle qu’on appelle la « Grande Puissance ». S’ils s’attachaient ainsi à lui, c’était parce que, depuis assez longtemps, il les étonnait par ses actes de magie. Mais quand ils crurent Philippe qui leur annonçait ce qui concerne le royaume de Dieu et Jésus-Christ, ils se firent baptiser, tant les hommes que les femmes. Simon lui-même crut et fut baptisé. Dès lors, il ne quittait plus Philippe, émerveillé par les signes miraculeux et les prodiges extraordinaires qui s’accomplissaient sous ses yeux. Quand les apôtres, restés à Jérusalem, apprirent que les Samaritains avaient accepté la Parole de Dieu, ils déléguèrent auprès d’eux Pierre et Jean.