Sòl menm te dakò pou yo touye Etyèn. Menm jou sa a, yon gwo pèsekisyon te eklate kont legliz Jerizalèm. Fidèl yo kouri gaye kò yo nan tout zòn Jide ak zòn Samari. Sèl apot yo ki te rete Jerizalèm. Kèk fidèl zele te pran kò Etyèn, yo fè bèl vèy ak bèl lantèman pou li. Sòl menm te sòti pou l fini ak legliz la. Li mache kay an kay, li trennen tout moun ki kwè yo, rache yo met deyò pa fòs, li fè fèmen fanm kou gason nan prizon. Fidèl ki te gaye nan tout peyi a t'ap mache bay mesaj la toupatou. Se konsa Filip al nan yon lavil peyi Samari. Rive la, li tanmen pale sou Kris la bay moun yo.
Li Travay 8
Koute Travay 8
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Travay 8:1-5
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo