Travay 3

3
Pyè ak Jan geri yon nonm enfim
1Yon jou, vè twazè konsa nan apremidi, Pyè ak Jan t'ap moute nan tanp lan. Se te lè lapriyè. 2#Tra 14.8; Jan 9.1 Bèl Pòt la (se konsa yo te rele yon pòt nan tanp lan), te gen yon nonm ki te enfim depi l te fèt. Chak jou yo te pote l bò Bèl Pòt la pou l te kapab mande moun k'ap antre nan tanp lan lacharite. 3Li wè Pyè ak Jan ki ta pral antre, li mande yo kichòy. 4Pyè #Tra 14.9 ak Jan fikse je yo sou li, epi Pyè di li:
— Gade nou.
5Nonm lan pran gade yo. Li te kwè yo ta pral ba l kichòy. 6#Tra 3.16 sa a, Pyè di li:
— Mwen pa gen ni lajan ni lò. Men, sa m genyen an, m'ap ba ou li. Nan non Jezikri, moun Nazarèt la, leve mache.
7Li pran men dwat li, li fè l kanpe. Menm lè a tou, pla pye enfim lan ak zo jwenti pye l yo vin fèm. 8Li #Jan 5.14 fè yon sèl sote, li kanpe sou de pye li, li pran mache. Li antre nan Tanp lan ak yo. Li t'ap mache, li t'ap ponpe, li t'ap rele: Beniswa Letènèl! 9Tout pèp la te wè l ap mache, ap fè lwanj Bondye. 10Lè yo wè se te nonm enfim ki te konn chita bò Bèl Pòt la ap mande lacharite a, yo tout te pè. Yo sezi anpil pou sa k te rive l la.
Diskou Pyè nan tanp lan
11Nonm #Tra 5.12 lan pat kite Pyè ak Jan yon pa. Tout moun te sezi, yo kouri vin jwenn apòt yo sou Galeri Salomon an. 12Lè Pyè wè sa, li di pèp la:
— Nou menm moun laras Izrayèl, poukisa nou sezi konsa? Poukisa n'ap plede gade n konsa? Gen lè nou konprann se nou menm ki fè nonm sa a mache ak pwòp fòs kouray nou osinon paske n'ap sèvi Bondye? 13Se #Egz 3.6; Tra 5.30; Eza 52.13; 53.11; Tra 2.23 Bondye Abraram, Izarak ak Jakòb, Bondye zansèt nou yo k'ap fè lwanj sèvitè li, Jezi. Nou menm, nou te lage l nan men otorite yo, nou te voye l jete devan Pilat, atout Pilat li menm te vle lage li. 14Jezi #Mat 27.20,21 se moun Bondye te chwazi a, li te mache dwat devan Bondye, men nou voye l jete, nou te pito mande Pilat pou l te lage yon ansasen ban nou. 15Se #Tra 4.10; 5.31; Eb 2.10 konsa nou touye Mèt ki bay lavi a. Men, Bondye fè l leve sòti vivan nan lanmò. Nou se temwen tout bagay sa yo. 16Nou wè nonm sa nou konnen an, se pouvwa ki nan non Jezi a mete ak konfyans nou gen nan non sa a ki ba li fòs ankò. Se konfyans nou gen nan Jezi ki fè l geri nèt, jan nou ka wè l la.
17— Enben, #Lik 23.34; 1 Tim 1.13 kounyeya, frè m yo, mwen rekonèt se konnen nou pat konnen, nou menm ansanm ak tout chèf nou yo, kifè nou te aji konsa avèk Jezi. 18Men, #Lik 24.27 depi nan tan lontan, Bondye te fè konnen nan bouch pwofèt li yo ki jan Kris li a te gen pou l soufri. Se konsa sa l te di a vin rive vre. 19Chanje #Tra 2.38 lavi nou, tounen vin jwenn Bondye pou l ka efase peche nou yo. 20Lè sa a, Bondye va fè nou jwenn yon rafrechi pou nanm nou devan li, l'a voye Jezikri, moun li te chwazi davans pou nou an. 21Pou kounyeya, Jezi gen pou l rete nan syèl la jouk lè Bondye va vini pou mete tout bagay nan plas yo ankò, jan l te fè nou konnen l lan nan bouch pwofèt li yo depi nan tan lontan. 22Se #Det 18.15; Tra 7.37 konsa Moyiz te di: Bondye, Mèt nou an, gen pou l voye yon pwofèt ban nou tankou l te voye m lan. #3.22: tankou l te voye m lan: Ou ankò tankou m. Se va yonn nan frè nou yo. Se pou nou koute tou sa l'a di nou. 23Nenpòt #Lev 23.29 moun ki p'ap koute pwofèt sa a, se pou yo disparèt li nèt nan mitan pèp Bondye a, se pou yo touye li. 24Tout pwofèt ki te pale depi Samyèl ak tou sa ki te vin apre l yo, yo tout yo te anonse tan sa a. 25Pwomès #Jen 12.3; 22.18; Gal 3.8 Bondye te fè pwofèt li yo di ak bouch yo, se pou nou yo ye, lèfini nou gen pòsyon pa nou tou nan kontra Bondye te fè avèk zansèt nou yo. Se sa l te di Abraram: Gremesi pitit pitit ou yo, tout fanmi ki sou latè va jwenn benediksyon. 26Se #Tra 13.46 konsa Bondye fè sèvitè l la parèt, li voye l ban nou anvan pou l beni nou, pou l fè nou tout kite mechanste nou yo.

Chwazi Kounye ya:

Travay 3: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte