Travay 28:17-31

Travay 28:17-31 HAT98

Apre twa jou, Pòl fè rele chèf jwif yo ki lavil Wòm. Lè yo reyini, li di yo: — Frè m yo, san m pa fè anyen kont pèp la, ni kont koutim zansèt nou yo, jwif yo rete konsa, yo arete m lavil Jerizalèm, yo lage m nan men women yo. Lè women yo fin kèsyonnen m, yo te vle lage m paske yo pat jwenn okenn rezon ki pou ta fè m merite lanmò. Men, jwif yo kenbe la ak yo. Mwen te blije mande pou Seza tande kòz mwen. Men, mwen menm pou tèt pa m, mwen pa gen okenn plent pou m fè pou moun menm peyi avè m yo. Se poutèt sa mwen fè rele nou pou m wè nou, pou m pale ak nou, pou m di nou se poutèt moun pèp Izrayèl t'ap tann lan kifè yo mare m ak chenn sa a. Yo reponn li: — Nou pa resevwa okenn lèt sòti peyi Jide sou ou. Okenn frè pa sòti laba vin isit pou ban nou nouvèl, ni pou pale mal sou ou. Men, nou ta renmen tande kisa ou gen nan tèt ou, paske nou konnen toupatou yo pa vle wè gwoup ou fè pati a. Yo fikse l yon jou. Lè sa a, yo te anpil ki te vin jwenn li kote li te ye a. Depi nan maten jouk nan aswè, Pòl t'ap ba yo esplikasyon: li t'ap fè yo konnen gouvènman Bondye ki wa a. Li pran lalwa Moyiz la ak liv pwofèt yo, li t'ap chache fè yo rekonèt ki moun Jezi ye. Gen ladan yo ki te kwè sa l t'ap di yo. Men, gen lòt ki pat vle kwè menm. Yo vire do yo san yo pat tonbe dakò. Lè Pòl wè sa, li ajoute pawòl sa a pou yo: — Sentespri te gen rezon pale konsa ak zansèt nou yo nan bouch pwofèt Ezayi, lè l te di: Ale jwenn pèp sa a, di li pou mwen: Pou tande n'a tande, men nou p'ap konprann anyen. Kanta pou gade, n'a gade, men nou p'ap wè anyen. Paske lespri pèp sa a vin lou, yo bouche zòrèy yo, yo fèmen je yo, pou yo pa wè ak je yo, pou yo pa tande nan zòrèy yo, pou yo pa konprann ak lespri yo, pou yo pa tounen vin jwenn mwen pou m geri yo. Se Bondye menm ki di sa. Apre sa, Pòl di yo: — Kounyeya, nou fèt pou nou konnen Bondye fè moun lòt nasyon yo konnen l'ap delivre yo tou. Yo menm, y'ap tande li. [ Lè l te fin di sa, jwif yo al fè wout yo, yo t'ap diskite yonn ak lòt.] Pòl te rete pandan dezan nan yon kay li te lwe. Li te resevwa tout moun ki te vin wè li. Li t'ap fè konnen gouvènman Bondye ki wa a, li t'ap moutre moun yo tout bagay sou Jezikri, Senyè a, kareman san pèsonn pa janm chache l kont.