Travay 27:1-26

Travay 27:1-26 HAT98

Lè yo deside pou anbake nou abò pou Itali, yo renmèt Pòl ak kèk lòt prizonye bay Jiliyis, kòmandan batayon Seza. Nou anbake sou yon batiman ki te sòti lavil Adramit ki ta pral fè lakòt nan Lazi. Epi nou pati. Aristak, yon moun lavil Tesalonik nan peyi Masedouàn, te avèk nou. Nan denmen nou rive lavil Sidon. Jiliyis te boule byen ak Pòl, li te ba l pèmisyon pou l'al wè zanmi l yo pou l'al chache sa l te bezwen. Apre nou kite Sidon, nou pase sou bò dwat zile chip, nou lonje lakòt la sou anwo. Paske van an te kontrè pou nou lòt bò a. Nou travèse lanmè a devan Silisi ak Panfili, nou rive lavil Mira nan Lisi. Antan nou la, kòmandan an jwenn yon batiman ki te sòti lavil Aleksandri ta pral an Itali. Li fè nou anbake sou li. Pandan plizyè jou, nou vwayaje ti pa ti pa. Se pa ti traka anvan nou te ka rive devan lavil Nid. Van an pa te ban nou chans pou n'al pi lwen nan kap sa a. Nou te blije desann pase devan Kap Salome epi vire desann anba zile Krèt. Nou lonje kòt la avèk anpil traka jouk nou rive yon kote yo rele Bon Pò, toupre lavil Laze. Nou te deja pèdi anpil tan, jou pou jwif yo te fè jèn yo te deja pase. Lè sa a se te gwo danje pou moun vwayaje. Se poutèt sa Pòl ba yo konsèy sa a: — Mesye, mwen wè vwayaj la pral gen gwo danje ladan li: n'ap pèdi chay la ansanm ak batiman an. Ata moun ka mouri tou. Men, kòmandan women an te gen plis konfyans nan pawòl kaptenn lan ak amatè batiman an pase nan pawòl Pòl. Pò a pa te bon pou yo te rete pase sezon fredi a tou: se poutèt sa, pifò moun ki te abò a te vle pati. Yo t'ap pran chans rive Feniks, yon lòt pò nan zile Krèt la ki bay sou lanmè nan direksyon sidwès nòdwès. Konsa yo ta ka pase sezon fredi a la. Lè yo wè yon ti van swèt leve, yo te kwè yo te kapab rive Feniks. Yo leve lank, yo pran lonje lakòt zile a. Men yon lòt moman, yon gwo van nòde desann soti nan mòn zile a. Li pran trennen batiman an. Pat gen mwayen kenbe tèt ak li. Nou te blije kite l pote n ale. Nou pase bò anba yon ti zile yo rele Kloda. La, nou pran yon ti souf. Se pa ti traka anvan nou resi sove ti kannòt bò a. Yo rale l moute abò. Apre sa, yo pran mare kèk kòd, yo sentre batiman an byen sentre. Yo te pè tou pou batiman an pat al chwe sou yon fon plat ki nan mitan lanmè a devan peyi Libi. Yo desann vwal yo. Se konsa nou kite van an bwote nou. Gwo van an t'ap bat nou pi rèd. Nan denmen, nou te blije jete chay yo nan dlo. Nan denmen ankò, maren yo voye tout aparèj batiman an jete nan dlo ak pwòp men yo. Pandan plizyè jou nou pa wè ni solèy, ni zetwal. Van an menm t'ap soufle byen fò toujou. Lè n wè sa, nou pèdi tout espwa sove. Moun ki te abò yo pat manje anyen depi lontan. Pòl kanpe devan yo, li di yo konsa: — Mesye, nou te dwe koute mwen. Nou pat dwe sòti kite Krèt. Nou ta egzante tout danje sa yo ak tout pèt sa yo. Men, kounyeya, m'ap di nou pran kouray. Pèsonn p'ap mouri. Se batiman an ase k'ap pèdi. Yèswa, Bondye m'ap sèvi a, li menm ki mèt mwen, li voye yon zanj bò kote mwen, li di mwen: Pa pè, Pòl. Fòk ou konparèt devan Seza. Epi Bondye fè favè sa a pou ou: li ba ou lavi tout moun k'ap vwayaje ansanm avèk ou yo. Se poutèt sa, mesye, pran kouray. Mwen gen konfyans nan Bondye. Sa gen pou l rive jan li di m lan. Men, nou pral chwe sou yon zile.