Travay 27:1-12

Travay 27:1-12 HAT98

Lè yo deside pou anbake nou abò pou Itali, yo renmèt Pòl ak kèk lòt prizonye bay Jiliyis, kòmandan batayon Seza. Nou anbake sou yon batiman ki te sòti lavil Adramit ki ta pral fè lakòt nan Lazi. Epi nou pati. Aristak, yon moun lavil Tesalonik nan peyi Masedouàn, te avèk nou. Nan denmen nou rive lavil Sidon. Jiliyis te boule byen ak Pòl, li te ba l pèmisyon pou l'al wè zanmi l yo pou l'al chache sa l te bezwen. Apre nou kite Sidon, nou pase sou bò dwat zile chip, nou lonje lakòt la sou anwo. Paske van an te kontrè pou nou lòt bò a. Nou travèse lanmè a devan Silisi ak Panfili, nou rive lavil Mira nan Lisi. Antan nou la, kòmandan an jwenn yon batiman ki te sòti lavil Aleksandri ta pral an Itali. Li fè nou anbake sou li. Pandan plizyè jou, nou vwayaje ti pa ti pa. Se pa ti traka anvan nou te ka rive devan lavil Nid. Van an pa te ban nou chans pou n'al pi lwen nan kap sa a. Nou te blije desann pase devan Kap Salome epi vire desann anba zile Krèt. Nou lonje kòt la avèk anpil traka jouk nou rive yon kote yo rele Bon Pò, toupre lavil Laze. Nou te deja pèdi anpil tan, jou pou jwif yo te fè jèn yo te deja pase. Lè sa a se te gwo danje pou moun vwayaje. Se poutèt sa Pòl ba yo konsèy sa a: — Mesye, mwen wè vwayaj la pral gen gwo danje ladan li: n'ap pèdi chay la ansanm ak batiman an. Ata moun ka mouri tou. Men, kòmandan women an te gen plis konfyans nan pawòl kaptenn lan ak amatè batiman an pase nan pawòl Pòl. Pò a pa te bon pou yo te rete pase sezon fredi a tou: se poutèt sa, pifò moun ki te abò a te vle pati. Yo t'ap pran chans rive Feniks, yon lòt pò nan zile Krèt la ki bay sou lanmè nan direksyon sidwès nòdwès. Konsa yo ta ka pase sezon fredi a la.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an