Travay 26:12-29

Travay 26:12-29 HAT98

— Se konsa, mwen ta pral Damas avèk pouvwa ansanm ak lòd chèf prèt yo te ban mwen. Antan m te sou wout la, vè midi konsa, monwa, mwen wè yon limyè ki sòti nan syèl la pi klere pase solèy la. Li te klere tout kote m te ye a ansanm ak moun ki t'ap vwayaje avè m yo. Nou tout nou tonbe atè. Epi mwen tande yon vwa ki di m an lang ebre: Sòl, Sòl, poukisa w'ap pèsekite mwen? W'ap fè tèt ou mal lè w'ap voye pye konsa tankou yon chwal k'ap voye pye lè mèt li ap bat li. Mwen mande: Ki moun ou ye, Senyè? Epi l di m: Mwen se Jezi w'ap pèsekite a. Men, leve kanpe sou pye ou. Mwen fè ou wè m, se pou ou kapab sèvi mwen. Wi, ou pral sèvi m temwen, ou pral di lòt moun yo jan ou te wè m jòdi a epi w'a fè yo konnen tou sa m'a fè ou wè apre sa. M'a delivre ou anba men pèp jwif yo, anba men moun lòt nasyon yo. Se mwen menm k'ap voye ou ba yo, pou ou kapab louvri je yo, pou fè yo sòti nan fènwa kote yo ye a vin nan limyè, pou wete yo anba pouvwa Satan vin jwenn Bondye. Konsa, lè y'a mete konfyans yo nan mwen, y'a resevwa padon pou tout peche yo, y'a jwenn plas yo nan mitan pèp k'ap viv apa pou Bondye a. — Se konsa, wa Agripa, mwen pa dezobeyi vizyon ki te sòti nan syèl la vin jwenn mwen. Mwen konmanse bay moun nan lavil Damas ak nan Jerizalèm mesay la. Apre sa, male nan tout peyi Jide ak nan mitan moun lòt nasyon yo. Mwen t'ap mande yo pou yo chanje lavi yo, pou yo tounen vin jwenn Bondye, pou yo fè bagay ki pou fè wè yo chanje tout bon. Se poutèt sa wi jwif yo mete men sou mwen nan tanp lan, se poutèt sa yo t'ap seye touye mwen. Mentou, Bondye toujou pwoteje m jouk jòdi a. Mwen la toujou pou m sèvi l temwen devan tout moun, grannèg kou malere. Sa ou wè m'ap di la a, se sa menm pwofèt yo ansanm ak Moyiz te di gen pou rive. Kris la te gen pou l soufri. Se li menm ki an premye gen pou l leve sòti vivan nan lanmò pou l fè pèp Izrayèl la ansanm ak tout lòt nasyon yo konnen limyè k'ap delivre yo a. Antan Pòl t'ap pale konsa pou defann tèt li, Festis rele byen fò: — Ou fou, Pòl! Twòp lespri fè ou pèdi tèt ou. Pòl reponn li: — Mwen pa fou non, ekselans. Tout pawòl mwen di la a se verite a tou klè, epi yo gen sans. Wa Agripa konn tout bagay sa yo. Se poutèt sa mwen pa pè pale devan li. Mwen sèten li konnen tout bagay sa yo, paske pa gen okenn ladan yo mwen te fè an kachèt. Wa Agripa, eske ou pa kwè sa pwofèt yo di? Mwen konnen ou kwè. Agripa di Pòl: — Talè konsa ou pral pran tèt mwen tou pou fè m kretyen? Pòl reponn li: — Kit kounyeya, kit pita, m'ap lapriyè Bondye ni pou ou ni pou nou tout k'ap koute m jòdi a pou yon lè konsa nou vin tankou m, wetan chenn sa yo!