Se konsa, nan denmen Agripa ak Berenis vin nan mitan yon gwo kòtèj. Yo antre nan sal odyans lan avèk tout chèf militè yo ansanm ak notab lavil la. Festis bay yon lòd, epi yo mennen Pòl vini. Apre sa, Festis di: — Wa Agripa, nou tout ki isit la avèk nou, men li! Nou wè nonm sa a. Tout jwif yo vin pote m plent pou li, ni laba Jerizalèm ni isit la. Y'ap plede rele nonm sa a te fèt pou l mouri deja. Mwen menm, pou tèt pa m, mwen wè li pa fè anyen ki merite lanmò. Men, li menm li mande pou Seza tande kòz li. Se poutèt sa, mwen pran desizyon voye l bay Seza. Mwen pa gen anyen ki sèten pou m ekri sou li. Se poutèt sa mwen fè l konparèt devan nou, devan ou menm sitou, wa Agripa. Konsa m'a jwenn sa pou m ekri lè n'a fin poze l kèsyon. Pou mwen menm, sa pa gen sans pou espedye yon prizonye konsa san ou pa di egzakteman kisa li fè.
Li Travay 25
Koute Travay 25
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Travay 25:23-27
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo