Travay 25:1-12

Travay 25:1-12 HAT98

Lè Festis rive nan pwovens lan, sou twa jou li kite Sezare, l'ale lavil Jerizalèm. Chèf prèt yo ak tout notab jwif lavil la vin pote plent ba li pou Pòl. Yo mande Festis yon favè. Yo mande l pou l fè mennen Pòl Jerizalèm. Yo te gentan fè konplo pou touye l sou wout la. Men, Festis reponn yo: — Pòl deja nan prizon Sezare. Mwen menm poutèt pa m, mwen pral tounen Sezare talè konsa. Si Pòl fè kichòy ki mal, se pou chèf nou yo desann ansanm avè m, y'a akize l laba a. Festis pase wit a dis jou sèlman avèk yo Jerizalèm. Apre sa li tounen Sezare. Nan denmen, l'al chita nan tribinal la, li bay lòd pou yo mennen Pòl. Lè Pòl rive, jwif ki te sòti Jerizalèm yo vin kanpe bò kote l, yo pote anpil gwo akizasyon kont li, men yo pat kapab bay okenn prèv. Men sa Pòl di pou defann tèt li: — Mwen pa fè anyen ki kont lalwa jwif yo, ni kont tanp lan, ni kont Seza. Festis menm ki te vle fè jwif yo plezi mande Pòl: — Eske ou pa ta vle al Jerizalèm pou yo ka jije ou devan m sou zafè sa a? Pòl reponn li: — Se devan tribinal Seza mwen ye, se la pou yo jije mwen. Mwen pa fè jwif yo anyen. Ou konnen sa byen pwòp. Si m dezobeyi lalwa, si m fè yon bagay ki merite lanmò, mwen p'ap refize mouri. Men tou, si akizasyon y'ap pote sou mwen yo pa vre, pèsonn pa ka lage m nan men yo. Mwen mande pou Seza tande kòz mwen. Lè sa a, Festis fè yon ti pale ak manm konsèy li yo, epi l di: — Bon. Ou mande pou Seza tande kòz ou, ou pral devan Seza.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an