Gouvènè a fè Pòl siy pou l pale. Pòl di: — Mwen konnen w'ap fè jistis nan peyi a depi lontan. Se ak kè poze mwen vin plede kòz mwen devan ou. Ou mèt pran ranseyman, jòdi a fè douz jou depi mwen te moute Jerizalèm pou mal fè sèvis pou Bondye. Jwif yo pa jwenn mwen ap diskite ak pèsonn nan tanp lan, yo pa bare m ap moute tèt pèsonn ni nan sinagòg yo ni okenn lòt kote nan lavil la. Moun sa yo pa ka bay okenn prèv pou tou sa yo sot di mwen fè a. Men, m'ap rekonèt sa devan ou: m'ap sèvi Bondye zansèt nou yo dapre chemen yo pretann di ki pa bon an. Men, mwen kwè tout bagay ki ekri nan lalwa Moyiz la ak nan liv pwofèt yo. Mwen gen espwa sa a, epi mwen konnen yo genyen l tou. Yon jou Bondye gen pou fè tout moun, bon kou mechan, leve sòti vivan nan lanmò.
Li Travay 24
Koute Travay 24
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Travay 24:10-15
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo