Travay 22

22
1— Frè m yo, grandèt mwen yo, koute sa m #Tra 7.2; 13.26 pral di nou kounyeya pou defann tèt mwen.
2#Tra 21.40 yo tande l ap pale ebre, yo rete byen dousman. Epi Pòl di yo:
3— Se #Tra 9.1-29; 26.9-20 jwif #Tra 5.34; Wòm 10.2 mwen ye. Mwen fèt lavil Tas nan peyi Silisi. Men, se isit lavil Jerizalèm mwen grandi. Se Gamalyèl ki te pwofesè mwen. Se li menm ki te moutre m tout ti detay nan Lalwa zansèt nou yo. Mwen menm tou, yon lè mwen te gen zèl nou gen kounyeya pou Bondye. 4Mwen #Tra 8.3 te pèsekite moun ki t'ap swiv chemen Bondye a jouk pou m te touye yo. Fanm kou gason, mwen te arete tout moun mete nan prizon. 5Granprèt la ak chèf fanmi yo ki reyini la a, yo ka sètifye sa m'ap di la a se vre. Se yo menm menm ki te ban m lèt otorizasyon pou frè jwif lavil Damas yo. Mwen ta pral arete mezi disip ki te la, mennen yo Jerizalèm pou fè regle yo.
Pòl rakonte konvèsyon li
(Travay 9.1-19; 26.12-18)
6— Mwen te sou wout la toupre Damas, lè m rete konsa yon gwo limyè sòti nan syèl la, li klere tout kote m te ye a. Lè sa a, li te bò midi konsa. 7Mwen tonbe atè, epi m tande yon vwa ki di m: Sòl, Sòl, poukisa w'ap pèsekite mwen konsa? 8Mwen mande: Ki moun ou ye, Senyè? Epi li di mwen: Mwen se Jezi, moun Nazarèt, w'ap pèsekite a. 9Moun ki te la avè m yo te wè limyè a tou, men yo pat tande vwa ki t'ap pale avè m lan. 10Lè sa a, mwen mande: Kisa pou m fè, Senyè? Senyè a di mwen: Leve, ale lavil Damas. Se la y'a di ou tou sa Bondye va ba ou lòd fè. 11Limyè a te tèlman klere, mwen te vin avèg. Se kanmarad mwen yo ki pran men m ki mennen m Damas.
12— Nan Damas, te gen yon nonm yo te rele Ananyas. Se te yon moun ki t'ap sèvi Bondye jan lalwa mande a. Tout jwif Damas te konsidere li anpil. 13Li vin jwenn mwen, li kanpe toupre m, epi li di mwen: Sòl, frè mwen, se pou ou wè nan je ou ankò. Menm lè a, mwen wè ankò, epi mwen gade li. 14Li #Tra 3.14 di m konsa: Bondye zansèt nou yo te chwazi ou davans pou ou te ka konn volonte l, pou ou te ka wè sèl moun ki dwat devan li a, pou ou te ka tande l pale ak bouch li. 15Ou pral sèvi l temwen, ou pral fè tout moun konnen sa ou te wè ak sa ou te tande. 16Kounyeya, kisa #2 Tim 2.22 w'ap tann ankò? Leve non, rele Bondye, resevwa batèm pou tout peche ou yo ka lave.
Pòl rakonte jan Jezi rele l
17— Apre #Tra 9.26; 11.30; Gal 1.18,19 sa, mwen tounen lavil Jerizalèm. Antan m te nan tanp lan ap lapriyè, mwen fè yon vizyon. 18Mwen wè Senyè a ki di mwen: Fè vit, kite Jerizalèm, paske moun Jerizalèm yo p'ap asepte tou sa w'ap di sou mwen an. 19Mwen #Tra 22.4 reponn: Senyè, yo konnen byen pwòp mwen te konn al nan sinagòg yo, mwen te konn mete tout moun ki te kwè nan ou nan prizon, fè bat yo byen bat. 20Menm #Tra 7.58; 8.1 lè yo t'ap touye Etyèn, moun ki te kanpe pou ou a, mwen te la tou. Mwen te dakò ak moun ki t'ap touye l yo. Se mwen menm ki te veye rad yo. 21#Tra 9.15; 13.2 sa a, Senyè a di mwen: Ale, m'ap voye ou byen lwen, bò kote moun ki pa jwif yo.
Pòl ak kòmandan lame women an
22Foul #Tra 21.35 moun yo t'ap koute Pòl byen pwòp. Men, lè yo tande pawòl sa a, yo tout pran rele:
— Wete nonm sa a sou latè! Touye li! Li pa merite viv ankò!
23Yo t'ap rele pi rèd, yo t'ap souke rad yo, yo t'ap voye pousyè tè anlè. 24Kòmandan women an bay lòd fè Pòl antre nan kazèn lan. Li mande pou yo bat li pou fè l pale. Li te vle konnen poukisa foul moun yo t'ap rele dèyè l konsa. 25#Tra 16.37; 23.27 yo fin mare l pou bat li, Pòl di ofisye ki te la a:
— Eske nou gendwa bat yon sitwayen women ki pa menm pase devan yon tribinal?
26Lè l tande sa, ofisye a al avèti kòmandan an, li di li:
— Fè atansyon sa ou pral fè la a, tande! Nonm lan, se sitwayen women li ye wi.
27Kòmandan an vin jwenn Pòl, li mande li:
— Di mwen, eske se sitwayen women ou ye?
Pòl reponn li:
— Wi.
28Kòmandan an di l konsa:
— Mwen menm, mwen te peye gwo lajan pou m te ka sitwayen women.
Pòl reponn li:
— Mwen menm, mwen fèt sitwayen women.
29Lamenm, moun ki ta pral bat li pou te fè l pale yo renka kò yo dèyè. Ata kòmandan an te pè lè l vin rann li kont li te fè mare Pòl ki te yon sitwayen women avèk chenn.
Pòl devan Gran Konsèy jwif yo
30Kòmandan an te vle konnen egzakteman kisa jwif yo t'ap akize Pòl fè. Se konsa, nan denmen li fè lage chenn yo, epi li voye lòd bay chèf prèt yo pou yo reyini ansanm ak Gran Konsèy la. Li mennen Pòl, li mete l devan yo.

Chwazi Kounye ya:

Travay 22: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an