Travay 22:1-21

Travay 22:1-21 HAT98

— Frè m yo, grandèt mwen yo, koute sa m pral di nou kounyeya pou defann tèt mwen. Lè yo tande l ap pale ebre, yo rete byen dousman. Epi Pòl di yo: — Se jwif mwen ye. Mwen fèt lavil Tas nan peyi Silisi. Men, se isit lavil Jerizalèm mwen grandi. Se Gamalyèl ki te pwofesè mwen. Se li menm ki te moutre m tout ti detay nan Lalwa zansèt nou yo. Mwen menm tou, yon lè mwen te gen zèl nou gen kounyeya pou Bondye. Mwen te pèsekite moun ki t'ap swiv chemen Bondye a jouk pou m te touye yo. Fanm kou gason, mwen te arete tout moun mete nan prizon. Granprèt la ak chèf fanmi yo ki reyini la a, yo ka sètifye sa m'ap di la a se vre. Se yo menm menm ki te ban m lèt otorizasyon pou frè jwif lavil Damas yo. Mwen ta pral arete mezi disip ki te la, mennen yo Jerizalèm pou fè regle yo. — Mwen te sou wout la toupre Damas, lè m rete konsa yon gwo limyè sòti nan syèl la, li klere tout kote m te ye a. Lè sa a, li te bò midi konsa. Mwen tonbe atè, epi m tande yon vwa ki di m: Sòl, Sòl, poukisa w'ap pèsekite mwen konsa? Mwen mande: Ki moun ou ye, Senyè? Epi li di mwen: Mwen se Jezi, moun Nazarèt, w'ap pèsekite a. Moun ki te la avè m yo te wè limyè a tou, men yo pat tande vwa ki t'ap pale avè m lan. Lè sa a, mwen mande: Kisa pou m fè, Senyè? Senyè a di mwen: Leve, ale lavil Damas. Se la y'a di ou tou sa Bondye va ba ou lòd fè. Limyè a te tèlman klere, mwen te vin avèg. Se kanmarad mwen yo ki pran men m ki mennen m Damas. — Nan Damas, te gen yon nonm yo te rele Ananyas. Se te yon moun ki t'ap sèvi Bondye jan lalwa mande a. Tout jwif Damas te konsidere li anpil. Li vin jwenn mwen, li kanpe toupre m, epi li di mwen: Sòl, frè mwen, se pou ou wè nan je ou ankò. Menm lè a, mwen wè ankò, epi mwen gade li. Li di m konsa: Bondye zansèt nou yo te chwazi ou davans pou ou te ka konn volonte l, pou ou te ka wè sèl moun ki dwat devan li a, pou ou te ka tande l pale ak bouch li. Ou pral sèvi l temwen, ou pral fè tout moun konnen sa ou te wè ak sa ou te tande. Kounyeya, kisa w'ap tann ankò? Leve non, rele Bondye, resevwa batèm pou tout peche ou yo ka lave. — Apre sa, mwen tounen lavil Jerizalèm. Antan m te nan tanp lan ap lapriyè, mwen fè yon vizyon. Mwen wè Senyè a ki di mwen: Fè vit, kite Jerizalèm, paske moun Jerizalèm yo p'ap asepte tou sa w'ap di sou mwen an. Mwen reponn: Senyè, yo konnen byen pwòp mwen te konn al nan sinagòg yo, mwen te konn mete tout moun ki te kwè nan ou nan prizon, fè bat yo byen bat. Menm lè yo t'ap touye Etyèn, moun ki te kanpe pou ou a, mwen te la tou. Mwen te dakò ak moun ki t'ap touye l yo. Se mwen menm ki te veye rad yo. Lè sa a, Senyè a di mwen: Ale, m'ap voye ou byen lwen, bò kote moun ki pa jwif yo.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an