Travay 21:1-14

Travay 21:1-14 HAT98

Apre nou fin kite yo, nou pati sou batiman an. Nou fè k'ap tou dwat sou Kòs. Yon jou apre, nou te rive Wòd. Sòti la, n'ale Patara. La, nou jwenn yon batiman ki ta pral peyi Fenisi, nou moute abò l epi nou pati. Nou rive toupre zile Chip. Antan nou abò a, nou te ka wè li toupre nou konsa. Men nou pase sou anba li, nou fè kap pou peyi Siri. Nou fè tè lavil Tir kote yo debake chay batiman an te pote. Nou jwenn kèk disip, nou pase sèt jou avèk yo. Lespri Bondye a te avèti yo pou yo te di Pòl pa moute Jerizalèm. Lè sèt jou yo te pase, nou pati pou n'al fè wout nou. Tout disip yo, madanm yo ak tout pitit yo te kondi nou jouk andeyò lavil la. Nou tout nou mete ajenou sou rivay la, nou lapriyè. Apre sa, nou yonn di lòt orevwa. Nou moute abò, yo menm yo tounen lakay yo. Nou sòti lavil Tir nou rive lavil Tolemayis, se la nou fini vwayaj sou lanmè a. Nal di frè ki te la yo bonjou, nou pase yon jou avèk yo. Nan denmen, nou pati ankò, nou rive lavil Sezare. Nou antre lakay Filip, evanjelis la, nou fè ladesant la. Se te yonn nan sèt mesye yo te chwazi Jerizalèm yo. Li te gen kat pitit fi vyèj ki t'ap pwofetize pawòl Bondye. Te gen kèk jou depi nou te la lè yon pwofèt yo rele Agabis desann sòti nan Jide. Li vin jwenn nou. Li pran sentiwon ki te nan ren Pòl la, li mare de pye pa l ak de men pa l yo, epi li di: — Men sa Sentespri deklare: Se konsa jwif Jerizalèm yo pral mare mèt sentiwon sa a. Apre sa, y'ap lage l nan men moun lòt nasyon yo. Lè nou tande sa, nou menm ansanm ak tout moun Sezare yo t'ap di Pòl konsa: — Tanpri souple, pa moute Jerizalèm. Men, li reponn nou: — Poukisa pou n'ap kriye konsa, pou n'ap chache kraze kouray mwen konsa? Mwen menm, se pa pare sèlman mwen pare pou m kite yo mare mwen. Menm si mouri vini, m'ap mouri pou Senyè Jezi nan Jerizalèm. Lè nou wè nou pa te kapab chanje lide nan tèt li, nou pa pèsiste sou sa ankò. Epi nou di: — Sa Bondye vle, san repiyans.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an