Travay 21:1-14

Travay 21:1-14 1998 Haïtienne (HAT98)

Apre nou fin kite yo, nou pati sou batiman an. Nou fè k'ap tou dwat sou Kòs. Yon jou apre, nou te rive Wòd. Sòti la, n'ale Patara. La, nou jwenn yon batiman ki ta pral peyi Fenisi, nou moute abò l epi nou pati. Nou rive toupre zile Chip. Antan nou abò a, nou te ka wè li toupre nou konsa. Men nou pase sou anba li, nou fè kap pou peyi Siri. Nou fè tè lavil Tir kote yo debake chay batiman an te pote. Nou jwenn kèk disip, nou pase sèt jou avèk yo. Lespri Bondye a te avèti yo pou yo te di Pòl pa moute Jerizalèm. Lè sèt jou yo te pase, nou pati pou n'al fè wout nou. Tout disip yo, madanm yo ak tout pitit yo te kondi nou jouk andeyò lavil la. Nou tout nou mete ajenou sou rivay la, nou lapriyè. Apre sa, nou yonn di lòt orevwa. Nou moute abò, yo menm yo tounen lakay yo. Nou sòti lavil Tir nou rive lavil Tolemayis, se la nou fini vwayaj sou lanmè a. Nal di frè ki te la yo bonjou, nou pase yon jou avèk yo. Nan denmen, nou pati ankò, nou rive lavil Sezare. Nou antre lakay Filip, evanjelis la, nou fè ladesant la. Se te yonn nan sèt mesye yo te chwazi Jerizalèm yo. Li te gen kat pitit fi vyèj ki t'ap pwofetize pawòl Bondye. Te gen kèk jou depi nou te la lè yon pwofèt yo rele Agabis desann sòti nan Jide. Li vin jwenn nou. Li pran sentiwon ki te nan ren Pòl la, li mare de pye pa l ak de men pa l yo, epi li di: — Men sa Sentespri deklare: Se konsa jwif Jerizalèm yo pral mare mèt sentiwon sa a. Apre sa, y'ap lage l nan men moun lòt nasyon yo. Lè nou tande sa, nou menm ansanm ak tout moun Sezare yo t'ap di Pòl konsa: — Tanpri souple, pa moute Jerizalèm. Men, li reponn nou: — Poukisa pou n'ap kriye konsa, pou n'ap chache kraze kouray mwen konsa? Mwen menm, se pa pare sèlman mwen pare pou m kite yo mare mwen. Menm si mouri vini, m'ap mouri pou Senyè Jezi nan Jerizalèm. Lè nou wè nou pa te kapab chanje lide nan tèt li, nou pa pèsiste sou sa ankò. Epi nou di: — Sa Bondye vle, san repiyans.

Travay 21:1-14 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Nous quittons les anciens d’Éphèse, nous partons en bateau et nous allons directement à Cos. Le jour suivant, nous arrivons à Rhodes et de là, nous allons à Patara. Nous trouvons un bateau qui va en Phénicie, nous le prenons et nous partons. Nous arrivons près de Chypre, qu’on peut voir du bateau. Nous passons au sud de cette île et nous continuons vers la Syrie. Nous descendons à Tyr, c’est là que le bateau doit décharger ses marchandises. À Tyr, nous trouvons les disciples et nous restons une semaine avec eux. Poussés par l’Esprit Saint, ils disent à Paul : « Ne va pas à Jérusalem ! » Mais au bout d’une semaine, nous repartons pour continuer notre voyage. Tous nous accompagnent en dehors de la ville, avec les femmes et les enfants. Nous nous mettons à genoux au bord de la mer et nous prions. Ensuite, nous nous disons adieu, puis nous montons sur le bateau, et les disciples retournent chez eux. Nous terminons notre voyage en bateau en allant de Tyr à Ptolémaïs. Là, nous saluons les chrétiens et nous restons un jour avec eux. Le jour suivant, nous repartons et nous arrivons à Césarée. Nous allons dans la maison de Philippe qu’on appelle « Messager de la Bonne Nouvelle ». Nous restons chez lui. Philippe est l’un des sept hommes choisis à Jérusalem pour le service des repas . Il a quatre filles qui ne sont pas mariées et qui parlent au nom de Dieu. Nous sommes là depuis plusieurs jours. Un prophète, appelé Agabus, arrive de Judée. Il vient nous voir. Il prend la ceinture de Paul et s’attache les mains et les pieds. Il dit : « Voici ce que l’Esprit Saint annonce : “À Jérusalem, des chefs juifs vont attacher ainsi le propriétaire de cette ceinture. Ils vont le livrer à ceux qui ne sont pas juifs.” » Quand nous entendons cela, nous et ceux de Césarée, nous demandons à Paul avec force de ne pas aller à Jérusalem. Mais il répond : « Qu’est-ce que vous avez à pleurer et à me fendre le cœur ? Moi, pour le nom du Seigneur Jésus, je suis prêt à me laisser attacher et à mourir à Jérusalem. » Nous ne pouvons pas le persuader, alors nous n’insistons pas. Nous disons : « Que le Seigneur Jésus fasse ce qu’il a décidé ! »

Travay 21:1-14 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Apre nou fin di Ansyen Efèz yo orevwa, nou fè vwal tou dwat pou yon zile yo rele Kòs. Nan demen, nou ale sou yon zile yo rele Wòd epi soti Wòd, nou pran direksyon Patara. Pandan nou Patara, nou jwenn yon batiman ki t apral nan peyi Fenisi. Nou monte nan batiman sa a epi nou pati. Nou pase toupre zile Chip. Zile a te sou bò goch nou, nan direksyon nò, men nou pase adwat li san n pa rete. Nou kontinye nan direksyon peyi Siri pito. N al kanpe nan vil Tir, paske batiman an te gen chay pou l debake nan vil sa a. Poutèt nou te rankontre yon ekip kwayan la, nou pase sèt jou avèk yo. Yo bay Pòl avètisman pou l pa ta monte Jerizalèm poutèt sa Sentespri a te di yo. Men, lè tan nou t ap pase a fin i, nou retounen nan batiman an pou n kontinye vwayaj nou. Tout kwayan yo te akonpanye nou. Tout madanm yo ak pitit yo te vin avèk nou sou rivaj la tou, kote nou tout te met ajenou pou n priye. Apre nou fin di youn lòt orevwa, nou monte nan batiman an epi yo menm yo retounen lakay yo. Kite nou kite Tir, nou kontinye vwayaje pou ale nan vil Tolemayis. Rive Tolemayis, nou pase salye frè yo ki te la epi nou pase yon jou avèk yo. Nan demen, nou kite Tolemayis, n ale nan vil Sezare. Lè nou rive Sezare, n al lakay Filip epi nou fè ladesant lakay li. Filip se te yon evanjelis; anplis, li te youn nan sèt mesye yo te chwazi pou sèvi kòm dyak nan legliz Jerizalèm nan. Filip te gen kat pitit fi vyèj ki te gen don pwofesi. Apre kèk jou depi nou te la, yon pwofèt yo rele Agabis ki soti nan peyi Jide te vin rive. Li avanse sou nou epi li prete sentiwon Pòl. Agabis mare de men l ak de pye l ak sentiwon an, epi li di: “Men sa Sentespri a di m: Se kon sa Jwif yo ap mare mèt sentiwon sa a nan Jerizalèm, pou yo livre l bay moun lòt nasyon yo”. Lè nou tande Agabis di pawòl sa yo, ni nou menm, ni lòt kwayan nan Sezare yo, nou soupriye Pòl pou l pa monte Jerizalèm. Lè sa a, Pòl reponn: “Pouki sa n ap kriye kon sa pou fè kè m tris? Mwen menm se pa pou prizon sèlman non m pare; mwen pare pou m ta menm mouri nan Jerizalèm pou non Senyè Jezi.” Kòm nou pa t ka konvenk li pou l pa monte Jerizalèm, nou sispann ensiste. Nou di l pito: “Se pou volonte Senyè a fèt.”

Travay 21:1-14 New International Version (NIV)

After we had torn ourselves away from them, we put out to sea and sailed straight to Kos. The next day we went to Rhodes and from there to Patara. We found a ship crossing over to Phoenicia, went on board and set sail. After sighting Cyprus and passing to the south of it, we sailed on to Syria. We landed at Tyre, where our ship was to unload its cargo. We sought out the disciples there and stayed with them seven days. Through the Spirit they urged Paul not to go on to Jerusalem. When it was time to leave, we left and continued on our way. All of them, including wives and children, accompanied us out of the city, and there on the beach we knelt to pray. After saying goodbye to each other, we went aboard the ship, and they returned home. We continued our voyage from Tyre and landed at Ptolemais, where we greeted the brothers and sisters and stayed with them for a day. Leaving the next day, we reached Caesarea and stayed at the house of Philip the evangelist, one of the Seven. He had four unmarried daughters who prophesied. After we had been there a number of days, a prophet named Agabus came down from Judea. Coming over to us, he took Paul’s belt, tied his own hands and feet with it and said, “The Holy Spirit says, ‘In this way the Jewish leaders in Jerusalem will bind the owner of this belt and will hand him over to the Gentiles.’ ” When we heard this, we and the people there pleaded with Paul not to go up to Jerusalem. Then Paul answered, “Why are you weeping and breaking my heart? I am ready not only to be bound, but also to die in Jerusalem for the name of the Lord Jesus.” When he would not be dissuaded, we gave up and said, “The Lord’s will be done.”

Travay 21:1-14 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Après nous être séparés d’eux, nous avons pris la mer et nous avons mis directement le cap sur l’île de Cos, puis le lendemain, nous avons continué sur Rhodes et, de là, vers Patara. Pendant notre escale, nous avons trouvé un navire en partance pour la Phénicie. Nous nous y sommes embarqués et nous avons pris le large. Arrivés en vue de Chypre, nous l’avons laissée sur notre gauche et nous avons continué notre route vers la Syrie, pour débarquer à Tyr où le navire devait livrer sa cargaison. Il y avait là des disciples. Après les avoir trouvés, nous sommes restés sept jours avec eux. Or ceux-ci, poussés par l’Esprit, conseillaient à Paul de ne pas se rendre à Jérusalem. Malgré cela, une fois cette semaine écoulée, nous sommes partis pour continuer notre voyage. Ils nous ont accompagnés, tous, avec leurs femmes et leurs enfants, à quelque distance de la ville. Là, nous nous sommes agenouillés sur le rivage pour prier. Puis, après avoir pris congé les uns des autres, nous sommes montés à bord du bateau, et les croyants s’en sont retournés chez eux. Nous avons terminé notre voyage par mer en allant de Tyr à Ptolémaïs. Dans cette ville, nous avons salué les frères et passé une journée avec eux. Dès le lendemain, nous sommes repartis par la route pour Césarée. Nous nous sommes rendus à la maison de Philippe, le prédicateur de l’Evangile – c’était l’un des sept hommes que l’on avait élus à Jérusalem – , et nous avons logé chez lui. Il avait quatre filles non mariées qui étaient prophétesses. Nous étions déjà là depuis plusieurs jours, lorsque arriva de Judée un prophète appelé Agabus. Il vint nous trouver, prit la ceinture de Paul et s’en servit pour s’attacher les pieds et les mains. – Voici ce que déclare l’Esprit Saint, dit-il. L’homme à qui appartient cette ceinture sera attaché de cette manière par les Juifs à Jérusalem, puis ils le livreront entre les mains des non-Juifs. En entendant cette déclaration, nous avons supplié Paul, nous et les croyants de Césarée, de ne pas monter à Jérusalem. Mais il nous répondit : Que faites-vous là ? Voulez-vous me briser le cœur avec vos larmes ? Je suis tout à fait prêt, moi, non seulement à aller en prison, mais même à mourir à Jérusalem pour le Seigneur Jésus. Comme nous n’arrivions pas à le faire changer d’avis, nous n’avons plus insisté et nous nous sommes contentés de dire : Que la volonté du Seigneur soit faite !

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an