Travay 16:15-40

Travay 16:15-40 HAT98

Li resevwa batèm, li menm ansanm ak tout fanmi li. Apre sa, li envite nou vin lakay li. Li di nou: — Se pou n vini, se pou n fè ladesant lakay mwen, si nou kwè mwen mete konfyans mwen tout bon nan Senyè a. Se konsa li fòse nou rete lakay li. Yon jou nou ta pral kote yo konn lapriyè a, nou kontre ak yon tifi. Se te yon sèvant, li te gen yon move lespri sou li ki te fè l konn pase kat pou moun. Lè konsa tifi a te fè mèt li yo fè anpil lajan. Li tanmen swiv Pòl ak nou, li t'ap rele byen fò: — Mesye sa yo se sèvitè Bondye ki anwo nan syèl la. Y'ap fè nou konnen chemen pou n pran pou n ka jwenn delivrans. Li t'ap fè sa pandan plizyè jou. Pòl menm te bouke ak fi a. Li vire, li di lespri a: — Nan non Jezikri, mwen ba ou lòd, sòti sou fi a. Menm lè a, lespri a sòti sou li. Lè mèt sèvant lan wè yo te pèdi tout espwa fè lajan ak tifi a, yo mete men sou Pòl ak Silas, yo trennen yo sou plas piblik la devan otorite yo. Yo mennen yo devan chèf lavil Wòm yo, epi yo di: — Mesye sa yo ap fè dezòd nan lavil nou an. Se jwif yo ye. Y'ap plede moutre moun yo yon bann bagay lalwa nou an pa pèmèt. Nou menm, se moun lavil Wòm nou ye, nou pa ka asepte fè bagay sa yo. Foul moun yo te moute kont yo tou. Chèf women yo fè rache rad ki te sou Pòl ak Silas, epi yo bay lòd pou bat yo ak fwèt. Apre yo fin bat yo byen bat, yo mete yo nan prizon. Yo bay chèf prizon an lòd pou veye mesye yo byen. Lè l resevwa lòd sa a, chèf prizon an mete yo nan kacho ki jouk nan fon prizon an. Epi l mete pye yo nan sèp. Vè menwi konsa, Pòl ak Silas t'ap lapriyè, yo t'ap chante fè lwanj pou Bondye. Lòt prizonye yo menm t'ap koute. Epi, yo rete konsa, tè a pran tranble byen fò, li souke prizon an jouk nan fondasyon li. Menm lè a, tout pòt prizon yo louvri, chenn tout prizonye yo kase. Chèf prizon an leve. Lè l wè tout pòt prizon yo louvri, li rale nepe l, li ta pral touye tèt li paske li te kwè prizonye yo te sove. Men, Pòl kriye byen fò: — Pa fè tèt ou mal. Nou tout la. Lè chèf prizon tande sa, li mande yon chandèl, li kouri nan kacho a. Li lage kò l atè nan pye Pòl ak Silas. Li t'ap tranble kou yon fèy bwa tèlman li te pè. Apre sa, li fè yo sòti, li mande yo: — Mesye, kisa m dwe fè pou m delivre? Yo reponn li: — Mete konfyans ou nan Senyè Jezi, epi w'a va delivre, ou menm ansanm ak tout fanmi ou. Epi yo fè l konnen pawòl Senyè a, li menm ansanm ak tout moun ki te lakay li. Menm lè a, nan mitan lannwit lan, li pran yo, li mete renmèd sou tout kote yo te blese. Lèfini, Pòl ak Silas batize l ansanm ak tout fanmi li. Chèf prizon an fè yo moute lakay li, li ba yo manje. Nonm lan te kontan anpil ansanm ak tout fanmi l paske kounyeya yo te kwè nan Bondye. Lè solèy fin leve, chèf moun lavil Wòm yo voye gad di chèf prizon an: — Lage mesye yo. Chèf prizon an ale di Pòl: — Chèf yo voye di pou yo lage nou. Nou mèt sòti kounyeya. Ale ak kè poze. Men, Pòl di gad yo konsa: — Gade non! Se sitwayen lavil Wòm nou ye wi. Yo bat nou devan tout moun san yo pa jije nou jan yo te dwe fè l la. Apre sa, yo mete nou nan prizon. Kounyeya yo vle lage nou an kachèt. Non, nou pa nan sa. Se chèf moun lavil Wòm yo menm ki pou vin mete nou deyò. Gad yo al rapòte pawòl sa yo bay chèf yo. Lè chèf yo tande se sitwayen lavil Wòm mesye yo te ye, yo sòti pè. Yo vin eskize yo bò kote apòt yo, yo lage yo. Lèfini yo mande yo pou kite lavil la. Lè apòt yo sòti nan prizon an, yo antre lakay Lidi. Yo wè frè yo, yo ba yo kèk pawòl ankourajman, epi yo pati, y ale.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an